17
Yon Priyè a David
Koute yon koz ki jis, O SENYÈ e okipe kri mwen.
Prete zòrèy a lapriyè mwen,
ki pa sòti nan lèv k ap twonpe moun.
Kite pawòl mwen parèt akoz prezans Ou;
Kite zye Ou gade avèk jistis.
Ou te teste kè m.
Ou te vizite mwen pandan lannwit.
Ou te sonde mwen e Ou pa t jwenn anyen.
Mwen te fè desizyon eksprè pou bouch mwen pa fè tò.
Alò, pou zèv a lòm yo, selon pawòl a lèv Ou yo,
Mwen te evite chemen a vyolan yo.
Pye mwen yo te kenbe fèm nan chemen pa W la.
Pye mwen pat janm glise.
Mwen te rele Ou, paske Ou va reponn mwen, O Bondye.
Enkline zòrèy W bò kote m.
Tande pawòl mwen yo.
Kon mèvèy Ou yo, montre m lanmou dous Ou a,
O Sovè a sila ki kache nan men dwat Ou yo, kont sila ki leve kont yo.
Kenbe m tankou de zye nan tèt Ou.
Kache mwen anba lonbraj a zèl Ou,
kont mechan ki depouye m yo,
lènmi mòtèl mwen yo ki antoure m.
10 Yo fin fèmen kè rèd yo.
Avèk bouch yo, yo pale awogans.
11 Koulye a, yo fin antoure nou pandan n ap mache.
Yo fikse zye yo sou nou pou jete nou atè.
12 Se tankou yon lyon ki anvi devore,
tankou yon jenn lyon k ap kache
nan fènwa.
13 Leve, O SENYÈ, konfwonte li e bese li;
Delivre nanm mwen de mechan yo avèk nepe Ou,
14 Depi nan men mesye yo avèk men Ou, O SENYÈ,
depi nan men lòm de mond sa yo,
k ap resevwa pòsyon pa yo nan vi sa a.
Men Ou menm plen vant a sila Ou renmen yo.
Fis ou yo gen kont,
e yo mete an rezèv pou pitit pa yo.
15 Pou mwen menm, mwen va wè figi Ou nan ladwati a;
mwen va satisfè avèk vizaj Ou
lè m ouvri zye m.
17:1 És 29:13 17:2 Sòm 103:6 17:3 I Pi 1:7 17:4 Sòm 119:9 17:5 Job 23:11 17:6 Sòm 86:7 17:8 Det 32:10 17:9 Sòm 31:20 17:10 Job 15:27 17:11 Sòm 88:17 17:12 Sòm 10:9 17:13 Sòm 22:20 17:14 Sòm 73:3-7 17:15 Sòm 11:7