16
Yon Sòm David
Pwoteje m O Bondye, paske mwen kache nan Ou.
Mwen te di a SENYÈ, Ou se Senyè mwen.
Mwen pa gen anyen ki bon sof ke Ou menm.
Selon sen sou latè yo, se moun manyifik yo ye;
sou yo menm mwen pran tout plezi m yo.
 
Doulè a sila ki te fè donn a yon lòt dye va vin ogmante;
Mwen p ap vin vide ofrann bwason san pa yo,
ni non yo p ap sòti sou lèv mwen.
SENYÈ a se pòsyon eritaj mwen ak tas mwen;
Se Ou menm ki bay soutyen a pati pa m nan.
 
Lizyè yo vin tonbe nan kote ki tèlman bèl pou mwen.
Anverite, eritaj mwen bèl pou mwen.
Mwen va beni SENYÈ a ki te ban m konsèy la.
Anverite, panse mwen toujou vin enstwi mwen pandan lannwit.
Mwen te mete SENYÈ a devan zye m tout tan.
Akoz Li se men dwat mwen, mwen p ap ebranle menm.
Pou sa, kè m kontan e glwa mwen fè rejwisans.
Anplis, chè m va toujou pwoteje.
10 Paske Ou p ap abandone nanm mwen
nan sejou mò yo;
ni Ou p ap pèmèt Sila Ki Sen Ou an vin tonbe an pouriti.
11 Ou va fè m rekonèt chemen lavi a.
Nan prezans Ou, se lajwa ki an abondans nèt.
Nan men dwat Ou, se plezi ki dire jis pou tout tan.
16:1 Sòm 7:1 16:4 Egz 23:13 16:5 Sòm 73:26 16:6 Sòm 78:55 16:7 Sòm 77:6 16:8 Sòm 16:8-11 16:9 Sòm 4:7 16:10 Trav 13:35 16:11 Sòm 139:24