19
Pou direktè koral la; yon sòm David
Syèl yo ap pale glwa Bondye a.
Jan yo tèlman gran deklare zèv men Li yo.
Jou apre jou, l ap pale san rete;
Nwit apre nwit, li revele konesans.
Nanpwen langaj, ni pa gen pawòl
kote nou pa tande vwa yo.
Sepandan, eko yo retanti sou tout latè,
ak sa yo pale jis nan ekstremite latè a.
Nan mitan yo, Li te plase yon tant pou solèy la,
ki tankou yon jennonm ki fenk marye
k ap sòti nan chanm li.
Li rejwi kon yon nonm fò k ap fè kous.
Li leve soti nan yon pwent syèl,
pou fè wonn li rive jis nan lòt pwent lan.
Anyen pa chape devan chalè li.
 
Lalwa SENYÈ a pafè
Li rekonfòte nanm.
Temwayaj SENYÈ a vrè,
k ap fè saj yo senp.
Prensip a SENYÈ yo dwat,
ki fè kè rejwi.
Kòmandman SENYÈ a san tach.
Li fè zye yo limen.
Lakrent SENYÈ a pi;
Li dire jis pou tout tan.
Jijman yo SENYÈ a vrè;
Yo jis san manke.
10 Yo pi chè pase lò, wi, pase anpil lò fen.
Yo pi dous pase myèl, pase siwo a
ki tonbe nan gato myèl la.
11 Anplis, se pa yo menm ke sèvitè Ou a
resevwa avètisman pou fè atansyon.
Pou sila ki kenbe yo, gen gran rekonpans.
12 Se kilès ki kab rekonèt fot li?
Padone mwen pou fot ke m pa konnen yo.
 
13 Anplis, pwoteje sèvitè ou a kont peche ògèy yo.
Pa kite yo vin domine m.
Konsa, mwen kab rete san fot,
epi va inosan a gran peche.
14 Kite pawòl bouch mwen a avèk
refleksyon kè m
vin akseptab devan zye Ou,
O SENYÈ, wòch mwen, ak sovè mwen an.
19:1 Sòm 8:1 19:2 Sòm 139:12 19:4 Wo 10:18 19:6 Sòm 113:3 19:7 Sòm 119:160 19:8 Sòm 36:9 19:9 Sòm 119:138 19:10 Sòm 119:72 19:11 Sòm 24:5-6 19:12 Sòm 139:23-24 19:14 Sòm 104:34