20
Pou direktè koral la; Yon sòm David
Ke SENYÈ a kapab reponn ou nan jou gran twoub la!
Ke non Bondye Jacob la kapab
kenbe ou ansekirite an wo!
Ke Li kapab voye bay ou èd soti nan
sanktiyè a,
epi bay ou soutyen soti nan Sion.
Ke Li kapab sonje tout ofrann sereyal ou yo,
ke Li twouve tout ofrann brile ou yo byen akseptab!
Ke Li kapab bay ou dezi a kè ou,
e akonpli tout plan ou yo!
Nou va chante avèk jwa akoz viktwa ou.
Nan non Bondye nou an, nou va monte drapo nou yo.
Ke SENYÈ a kapab akonpli tout priyè ou yo.
Alò, mwen konnen ke SENYÈ a
va delivre moun onksyone pa Li a.
Li va reponn li soti nan syèl sen Li an,
avèk delivrans pwisan men dwat Li a.
Genyen kèk ki fè konfyans nan cha yo, e kèk nan cheval yo,
Men nou va fè konfyans nan non SENYÈ a, Bondye nou an.
Yo te pliye e yo te tonbe,
men nou te leve e nou te kanpe dwat.
Delivre nou O SENYÈ!
Ke Wa a kapab reponn nou nan jou ke nou rele Non Li an.
20:1 Sòm 50:15 20:2 Sòm 110:2 20:3 Trav 10:4 20:4 Sòm 145:19 20:5 I Sam 1:17 20:6 És 58:9 20:7 II Kwo 32:8 20:8 Sòm 37:24 20:9 Sòm 3:7