23
Yon sòm David
Bondye se bèje mwen;
mwen p ap janm manke anyen.
Li fè m kouche nan patiraj vèt yo.
Li mennen m akote dlo pezib yo.
Li restore nanm mwen.
Li gide mwen nan chemen ladwati yo,
akoz non sen Li an.
Malgre mwen ta mache nan vale
lonbraj lanmò a,
mwen p ap pè okenn mal, paske Ou avè m.
Baton Ou avèk kwòk Ou fè m gen konfyans.
Ou ranje yon tab devan mwen
nan prezans lènmi mwen yo.
Ou onksyone tèt mwen avèk lwil.
Tas mwen fin debòde nèt.
Anverite, bonte Ou avèk lanmou dous Ou
va swiv mwen pou tout jou lavi mwen yo,
E mwen va viv lakay
SENYÈ a jis pou tout tan.
23:1 Éz 34:11-13 23:2 Rev 7:17 23:3 Pwov 4:11 23:4 Mi 7:14 23:5 Sòm 16:5 23:6 Sòm 27:4-6