24
Yon sòm David
Tè a se pou SENYÈ a, avèk tout sa ki ladann;
lemonn avèk tout sila ki rete ladann yo.
Li te fonde li sou lanmè yo,
e te etabli li sou rivyè yo.
 
Se kilès ki kab monte sou kolin SENYÈ a?
Epi kilès ki kab kanpe nan lye sen pa Li an?
Sila ki gen men pwòp avèk yon kè ki san tach,
ki pa leve nanm li vè sa ki fo,
ni ki pa fè fo temwayaj.
Li va resevwa yon benediksyon soti nan SENYÈ a,
ak ladwati soti nan Bondye delivrans li an.
Sa se jenerasyon a sila k ap chache Li yo,
ka p chache figi Ou—menm Jacob.
Tan
 
Leve wo lento ou yo, o pòtay yo!
Leve wo, o pòt ansyen yo!
Pou Wa glwa la kapab antre!
Se kilès ki Wa a glwa a?
SENYÈ fò e pwisan an,
SENYÈ a pwisan nan batay la.
Leve wo lento ou yo, O Pòtay yo!
Leve wo, O pòt ansyen yo!
Pou Wa glwa la kapab antre!
10 Se kilès ki Wa glwa a?
SENYÈ dèzame yo!
Se Li menm ki Wa glwa a.
Tan.
24:1 I Kor 10:26 24:2 Sòm 104:3-5 24:3 Sòm 65:4 24:4 Éz 18:15 24:5 Sòm 36:10 24:6 Sòm 27:4-8 24:7 Trav 7:2 24:8 Sòm 76:3-6 24:9 Sòm 26:8 24:10 II Sam 5:10