26
Yon sòm David
Fè m jistis, O SENYÈ, paske mwen te mache nan entegrite mwen.
Mwen te mete konfyans mwen nan SENYÈ a san varye.
Chache anndan m, O SENYÈ, e pase mwen a leprèv.
Sonde panse mwen avèk kè m.
Paske lanmou dous Ou a devan zye m.
Mwen te mache nan verite Ou.
Mwen pa chita avèk mesye k ap twonpe moun yo.
Ni mwen pa pale avèk sila k ap pran poz yo.
Mwen rayi asanble malfektè yo, e
mwen pa chita avèk mechan yo.
Mwen va lave men m nan inosans, e
mwen va antoure lotèl Ou, O SENYÈ,
pou m kapab pwoklame avèk vwa remèsiman a,
e deklare tout mèvèy Ou yo.
O SENYÈ, Mwen renmen abitasyon lakay Ou,
avèk kote ke glwa Ou rete a.
Pa retire nanm mwen ansanm avèk pechè yo,
ni lavi m avèk mesye ki vèse san yo,
10 nan men a sila ki gen manèv mechan yo,
ki nan mechanste pote kado vèse anba tab yo.
 
11 Men pou mwen, mwen va mache nan entegrite mwen.
Delivre mwen e fè m gras.
12 Pye m kanpe sou yon plas byen plat.
Nan asanble a, mwen va beni SENYÈ a.
26:2 Sòm 7:9 26:3 II Wa 20:3 26:4 Sòm 1:1 26:8 Sòm 24:7 26:9 Sòm 139:19 26:10 Sòm 15:5 26:11 Sòm 44:26 26:12 Sòm 22:22