25
Yon sòm David
A Ou menm, O SENYÈ, mwen leve nanm mwen.
O Bondye mwen, nan Ou, mwen mete konfyans mwen.
Pa kite mwen vin wont;
pa kite lènmi m yo fè fèt sou mwen.
Anverite, nanpwen nan sila ki tann Ou yo ki va wont;
sila ki fè konplo kont Ou san koz yo, va wont.
 
Fè m konnen pa Ou yo, O SENYÈ;
enstwi m nan chemen Ou yo.
Mennen mwen nan verite Ou e enstwi mwen,
Paske se Ou menm ki Bondye delivrans mwen;
se Ou m ap tann tout lajounen.
Sonje, O SENYÈ, mizerikòd Ou ak lanmou dous Ou a,
Paske se yo ki la depi tan ale nèt.
Pa sonje peche jenès mwen yo, ni transgresyon mwen yo.
Selon lanmou dous Ou, sonje mwen,
Pou koz a bonte Ou, O SENYÈ.
Bon e plen ladwati, se SENYÈ a;
pou sa, Li enstwi pechè yo nan chemen an.
Li dirije enb yo nan jistis, e
Li va enstwi enb yo nan chemen Li.
10 Tout chemen Bondye se nan
lanmou dous avèk verite
pou sila ki kenbe akò Li yo ak
temwayaj Li yo.
11 Pou koz a non Ou, O SENYÈ,
padone inikite mwen, paske li anpil.
12 Kilès nonm nan ki gen krent SENYÈ a?
Li va enstwi li nan chemen li ta dwe chwazi a.
13 Nanm li va viv alèz.
Desandan li yo va resevwa eritaj peyi a.
14  Lamitye SENYÈ a se pou sila ki
gen lakrent Li yo.
Li va fè yo konnen akò Li.
 
15 Zye m toujou vè SENYÈ a,
paske Li va retire pye mwen nan pèlen an.
16  Vire vè mwen e fè m gras,
paske mwen abandone e aflije.
17 Twoub a kè m yo vin plis.
Mennen m sòti nan gwo detrès sa a.
18 Gade sou afliksyon mwen avèk twoub mwen yo,
e padone tout peche mwen yo.
19 Gade sou tout lènmi mwen yo, paske yo anpil.
Epi yo rayi mwen avèk yon rayisman ki vyolan.
20 Gade nanm mwen e delivre mwen.
Pa kite m vin wont, paske mwen
pran refij nan Ou menm.
21 Kite entegrite avèk ladwati pwoteje mwen,
paske se Ou m ap tann.
22 Delivre Israël, O Bondye, sou
tout twoub li yo.
25:1 II Sam 5:10 25:2 Sòm 13:4 25:3 Hab 1:13 25:4 Egz 33:13 25:5 Sòm 79:9 25:6 Sòm 103:17 25:7 Job 13:26 25:9 Sòm 23:3 25:10 Sòm 103:18 25:11 Egz 34:9 25:12 Sòm 25:8 25:14 Pwov 3:32 25:15 Sòm 124:7 25:16 Sòm 69:16 25:18 Sòm 103:3 25:19 Sòm 9:13 25:20 Sòm 25:2 25:21 Sòm 41:12