3
Yon Sòm a David lè l te sove ale devan Absalom, fis li a
O SENYÈ, gade kijan lènmi mwen
yo ap miltipliye;
Anpil moun leve kont mwen.
Anpil moun pale de nanm mwen,
“Nanpwen delivrans pou li nan Bondye.”
Tan
Men Ou menm, O SENYÈ, se yon pwotèj ki antoure mwen,
glwa mwen, ak Sila ki fè tèt mwen leve a.
Mwen t ap kriye a SENYÈ a ak vwa mwen;
Li te reponn mwen soti nan mòn sen Li an
Tan
Mwen te kouche e dòmi;
mwen te leve, paske se SENYÈ a ki ban m fòs.
Mwen p ap pè menm dè milye de moun
ki ta pran pozisyon kont mwen de tout kote.
Leve, O SENYÈ!
Sove mwen, O Bondye mwen!
Paske Ou te souflete tout lènmi mwen yo.
Ou te kraze dan a mechan yo.
Delivrans se nan SENYÈ a.
Ke benediksyon Ou toujou poze sou pèp Ou a.
3:1 II Sam 15:12 3:2 Sòm 22:7-8 3:3 Sòm 27:5 3:4 Sòm 4:3 3:5 Lev 26:6 3:6 Sòm 118:10-13 3:7 Sòm 57:4 3:8 Sòm 28:8