4
Pou direktè koral la; sou enstriman ak fil yo; yon sòm David
Reponn mwen lè m rele Ou, O Bondye ladwati mwen;
Ou te fè m pran souf nan gran twoub mwen an.
Fè m gras e tande lapriyè mwen.
O fis a lòm yo, jiskilè laglwa Mwen va devni yon repwòch?
Jiskilè ou va renmen sa ki san valè
e tante twonpe moun?
Tan
Men konnen ke SENYÈ a te mete nonm Bondye a apa pou Li menm.
SENYÈ a tande lè m fè apèl Li.
Tranble, men pa fè peche.
Reflechi nan kè ou sou kabann ou, e rete kalm.
Tan
Ofri sakrifis ladwati yo.
Mete konfyans nan SENYÈ a.
Anpil ap di: “Kilès ki kab montre nou yon bagay ki bon?”
SENYÈ, leve wo limyè a vizaj Ou devan nou!
Ou te mete lajwa nan kè m plis pase
lè gwo rekòlt sereyal mi ak diven nèf vin parèt.
Anpè, mwen va kouche pou dòmi,
paske Ou sèl, SENYÈ, fè m viv ansekirite.
4:1 Sòm 25:16 4:2 Sòm 31:18 4:3 Sòm 6:8-9 4:4 Ef 4:26 4:4 Sòm 77:6 4:5 Sòm 37:3-5 4:6 Job 7:7 4:7 És 9:3