30
Yon Sòm; yon chan nan Dedikasyon Kay La; Yon Sòm David
Mwen va leve Ou wo, O SENYÈ, paske Ou te leve mwen.
Ou pa t kite lènmi m yo rejwi sou mwen.
O SENYÈ, Bondye mwen an, mwen te kriye a Ou menm,
e Ou te geri mwen.
O SENYÈ, Ou te fè nanm mwen monte kite sejou lanmò yo.
Ou te kenbe m vivan, pou m pa t desann nan gwo fòs la.
Chante lwanj a SENYÈ a, nou menm ki fidèl Li yo.
Bay remèsiman a sen non Li.
Paske kòlè Li se sèlman pou yon moman,
men Bonte Li se pou tout tan.
Kriye a kapab dire pou nwit lan,
men kri lajwa a vin parèt nan maten.
Alò, pou mwen, mwen te di nan bon tan mwen,
“Mwen p ap janm ebranle.”
O SENYÈ, pa gras Ou, Ou te fè mòn mwen an kanpe fèm.
Lè Ou te kache figi Ou, mwen te dekouraje nèt.
A Ou menm, SENYÈ, mwen te rele.
A SENYÈ mwen an, mwen te fè siplikasyon mwen yo:
“Ki benefis ki genyen nan san mwen
si mwen desann nan gwo fòs la?
Èske pousyè a kab louwe Ou?
Èske li va deklare fidelite Ou?
10 Tande, O SENYÈ e fè m gras.
O SENYÈ, ban m soutyen.”
11 Ou te chanje doulè mwen, e
sa te fè m vin danse ak lajwa;
Ou te demare rad twal sak mwen an,
e te mare senti m avèk kè kontan.
12 Konsa, pou kè m kab chante lwanj Ou, e pa rete an silans.
O SENYÈ, Bondye mwen an, mwen va
bay Ou glwa pou tout tan, nèt.
30:1 Sòm 3:3 30:2 És 53:5 30:4 Os 12:5 30:5 II Kwo 4:17 30:6 Sòm 10:6 30:9 Sòm 28:1 30:10 Sòm 27:9 30:11 És 20:2