31
Yon Sòm David
Nan Ou menm, SENYÈ, mwen kache.
Pa janm kite mwen vin wont.
Nan ladwati Ou, delivre mwen.
Panche zòrèy W bò kote mwen.
Delivre mwen byen vit.
Devni pou mwen wòch ki ban m fòs,
yon sitadèl ki pou sove m.
Paske Ou se wòch mwen ak sitadèl mwen,
konsa, pou koz a non Ou, Ou va gide mwen.
Ou va rale m sòti nan filè ke yo te
prepare an sekrè pou mwen an,
paske se Ou ki fòs mwen.
Nan men Ou, mwen mete lespri mwen.
Ou te rachte m, O SENYÈ, Bondye verite a.
Mwen rayi sila ki fè rega a fo zidòl yo,
men nan Bondye, mwen mete konfyans mwen.
Mwen va rejwi e fè kè kontan nan
lanmou dous Ou, akoz Ou te wè soufrans mwen.
Ou te wè soufrans a nanm mwen.
Ou pa t lage mwen nan men a lènmi an.
Ou te mete pye mwen nan yon kote byen laj.
Fè m gras, O SENYÈ, paske mwen nan gwo twoub.
Zye m ak kò m ak nanm mwen;
tout fin gate nèt akoz doulè m.
10 Paske lavi m fin pase nèt ak gwo doulè m,
ane mwen yo avèk soupi.
Fòs mwen fin ale akoz inikite m.
Kò mwen fin epwize.
11 Akoz tout advèsè mwen yo, mwen te
devni yon objè abominab,
sitou a vwazen mwen yo, e yon
objè laperèz a sila ki rekonèt mwen yo.
Sila ki wè m nan lari yo sove ale devan m.
12 Mwen fin bliye tankou yon moun mouri,
disparèt nan panse moun.
Mwen tankou yon veso ki fin kraze.
13 Paske mwen konn tande kout lang
anpil moun, laperèz toupatou.
Yo pran konsèy ansanm kont mwen.
Yo te fè konplo pou rache lavi m.
14 Men pou mwen, mwen mete konfyans nan Ou, O SENYÈ.
Mwen di: “Se Ou menm ki Bondye mwen”.
15 Moman mwen yo nan men Ou.
Delivre mwen nan men a lènmi mwen yo,
avèk sila ki pèsekite mwen yo.
16 Fè limyè figi Ou vin parèt sou sèvitè Ou a.
Sove mwen nan lanmou dous Ou a.
17 Pa kite mwen fè wont, O SENYÈ,
paske se Ou ke m rele.
18 Kite lèv ki manti yo sispann,
sila yo ka p pale ak awogans kont moun dwat yo,
k ap fè ògèy pou desann moun.
19 Men a la gran, bonte ke Ou
te konsève pou sila ki krent Ou yo,
ke Ou te fòje pou sila ki kache nan Ou yo, devan fis a lòm yo!
20 Ou kache yo nan kote sekrè a prezans Ou, kont tout manèv a lòm.
Ou konsève yo an sekrè nan yon pwotèj
kont konplo a tout lang lèzòm.
21 Beni se SENYÈ a,
paske li te fè mèvèy a lanmou dous Li a
anvè mwen nan yon vil byen fò.
22 Pou mwen, mwen te di ak kè sote mwen:
“Mwen koupe retire nèt devan zye Ou”.
Sepandan, Ou te tande vwa a siplikasyon mwen yo
lè m te kriye a Ou menm.
23 O renmen SENYÈ a, nou tout, moun fidèl yo!
SENYÈ a toujou prezève moun fidèl yo,
e bay pwòp rekonpans a sila ki plen ògèy yo.
24 Kenbe fèm e kite kè ou pran kouraj,
nou tout ki mete espwa nan SENYÈ a.
31:1 Sòm 25:2 31:2 Sòm 18:2 31:5 Luc 23:46 31:6 Sòm 52:8 31:7 Sòm 10:14 31:8 Det 32:30 31:10 Sòm 39:11 31:11 Sòm 69:19 31:12 Sòm 88:5 31:13 Mat 27:1 31:14 Sòm 140:6 31:15 Sòm 143:9 31:16 Sòm 6:4 31:18 Jd 15 31:19 És 64:4 31:20 Sòm 37:12 31:21 I Sam 23:7 31:22 És 38:11-12 31:23 Sòm 145:20 31:24 Sòm 27:14