34
Yon Sòm David lè l te parèt tankou moun fou devan Abimélec ki te pouse l ale, epi konsa, li te pati.
Mwen va beni SENYÈ a nan tout tan.
Lwanj Li va toujou nan bouch mwen.
Nanm mwen va fè glwa li nan SENYÈ a.
Enb yo va tande l, e yo va rejwi.
O leve SENYÈ a byen wo avè m.
Annou leve non L wo ansanm.
Mwen te chache SENYÈ a e Li te reponn mwen,
epi te delivre mwen de tout perèz mwen yo.
Yo te gade vè Li, e te vin ranpli ak limyè.
Figi yo p ap janm wont.
Malere sila a te rele, e SENYÈ a te tande li,
epi te sove li sòti nan tout twoub li yo.
Zanj SENYÈ a fè kan antoure sila ki krent Li yo,
epi li sove yo nan gwo twoub.
O goute e wè ke Bondye bon.
A la beni nonm ki kache nan Li a beni!
Krent SENYÈ a, O nou menm ki sen Li yo.
Pou sila ki krent Li yo, anyen pa manke.
10 Jenn ti lyon yo konn manke manje e soufri grangou,
men sila ki chache SENYÈ yo,
p ap manke okenn bon bagay.
 
11 Vini, pitit, koute mwen.
Mwen va enstwi ou nan lakrent SENYÈ a.
12 Se ki moun ki dezire lavi, e renmen
jou li yo pou li kapab wè sa ki bon?
13 Kenbe lang ou apa de sa ki mal,
e lèv ou pou pa bay manti.
14 Kite sa ki mal la epi fè sa ki bon.
Chache lapè e fè efò pou twouve li.
15  Zye a SENYÈ a sou sila ki dwat yo.
Zòrèy Li koute kri yo.
16 Figi SENYÈ a kont malfektè yo,
pou efase memwa yo sou tè a.
17  Moun dwat kriye.
SENYÈ a tande e vin delivre yo tout nan tout twoub yo.
18 SENYÈ a pre sila ak kè kase yo,
epi sove sila ki kraze nan lespri yo.
19 Anpil, se afliksyon a moun dwat la,
men SENYÈ a delivre li sòti nan yo tout.
20 Li konsève tout zo li yo.
Pa menm youn nan yo va kase.
21 Se mechanste ki va touye mechan an.
Sila ki rayi moun ladwati yo va kondane.
22 SENYÈ a rachte nanm a sèvitè Li yo.
P ap gen nan sila ki kache nan Li yo
k ap kondane.
34:1 Ef 5:20 34:2 Jr 9:24 34:3 Sòm 18:46 34:4 Mat 7:7 34:5 Sòm 25:3 34:6 Sòm 34:4 34:7 Sòm 91:11 34:8 Sòm 2:12 34:9 Sòm 31:23 34:10 Sòm 84:11 34:11 Sòm 111:10 34:12 Ekl 3:13 34:13 Pwov 13:3 34:14 És 1:16 34:15 Job 36:7 34:16 Am 9:4 34:17 Sòm 34:6 34:18 És 57:15 34:19 II Tim 3:11 34:20 Jn 19:33-36 34:21 Sòm 94:23 34:22 Sòm 37:40