33
Rejwi ak lajwa nan SENYÈ a, O moun ladwati yo!
Lwanj bèl lè l sòti nan moun ki dwat.
Bay remèsiman a SENYÈ avèk gita.
Chante lwanj a Li menm avèk ap dis kòd.
Chante a Li menm yon chan tounèf.
Jwe ak kapasite e fò avèk yon gwo kri lajwa.
Paske pawòl SENYÈ a dwat.
Tout zèv Li yo fèt avèk fidelite.
Li renmen ladwati avèk jistis.
Latè ranpli avèk lanmou dous SENYÈ a.
Avèk pawòl SENYÈ a syèl yo te fèt:
pa souf a bouch Li, tout lame syèl yo.
Li ranmase tout dlo lanmè yo ansanm pou fè yon gwo pil.
Li fè tout pwofondè yo kouche fè kay depo.
Kite tout latè krent SENYÈ a.
Kite tout sila ki rete nan mond lan
kanpe etone nèt pa Li menm.
Paske Li te pale e mond lan te fèt.
Li te kòmande e li te kanpe fèm.
10 SENYÈ a ranvèse konsèy a nasyon yo.
Li anile pwojè a pèp yo.
11  Konsèy SENYÈ a kanpe jis pou tout tan,
e pwojè a kè Li yo de jenerasyon an jenerasyon.
12 Beni se nasyon ki gen Bondye kon SENYÈ yo,
13 pèp ke Li te chwazi pou pwòp eritaj Li a.
SENYÈ a gade depi nan syèl la.
Li wè tout fis a lòm yo.
14 Soti nan abitasyon Li an,
Li veye sou tout sila ki rete sou latè yo.
15 Li menm ki fòme kè a yo tout,
Li menm ki konprann tout zèv yo.
16  Wa a pa sove pa yon lame pwisan.
Yon gèrye pa delivre pa gran fòs Li.
17 Yon cheval se yon fo espwa pou viktwa a,
ni li p ap delivre pèsòn ak pwisans li.
18 Veye byen, zye SENYÈ a sou sila ki krent Li yo,
sou sila ki mete espwa yo nan lanmou dous Li a,
19 pou delivre nanm pa yo devan lanmò,
e kenbe yo vivan nan gwo grangou.
20 Nanm nou ap tann SENYÈ a.
Se Li menm ki sekou nou ak boukliye nou.
21 Paske kè nou rejwi nan Li, akoz
nou mete konfyans nou nan sen non Li.
22 Kite lanmou dous Ou, O SENYÈ, vin poze sou nou,
selon esperans ke nou te mete nan Ou a.
33:1 Sòm 92:1 33:2 Sòm 71:22 33:3 Sòm 98:4 33:4 Sòm 119:90 33:5 Sòm 11:7 33:6 Jen 2:1 33:7 Egz 15:8 33:8 Sòm 67:7 33:9 Jen 1:3 33:10 Sòm 2:1-3 33:11 Job 23:12 33:13 Egz 19:5 33:13 Job 28:24 33:14 I Wa 8:39-43 33:15 Job 10:8 33:16 Sòm 44:6 33:17 Sòm 20:7 33:18 Sòm 32:10 33:19 Sòm 56:13 33:20 És 8:17 33:21 Za 10:7