36
Pou direktè koral la; Yon Sòm David, sèvitè SENYÈ a
Se Peche ki pale nan fon kè a lòm ki san Bondye.
Nanpwen krent Bondye devan zye l.
Jan li kontan ak pwòp tèt li,
li pa janm wè pwop peche pa l la.
Pawòl a bouch li se mechanste avèk manti.
Li fè yon chemen ki pa bon.
Sou kabann li, li fè plan mechan;
Li antre nan yon wout ki p ap sòti byen;
Li pa rayi mal.
 
Lanmou dous Ou, O SENYÈ, rive jis nan syèl yo,
fidelite Ou nan syèl la.
Ladwati Ou se tankou mòn Bondye yo,
ejijman Ou yo tankou yon gran pwofondè.
O SENYÈ, Ou prezève ni lòm, ni bèt.
Lanmou dous Ou chè, O Bondye!
Pitit a lòm yo pran azil anba lonbraj zèl Ou.
Yo bwè jiskaske yo vin plen an abondans lakay Ou.
Konsa,Ou bay yo bwè nan rivyè plezi Ou yo.
Paske avèk Ou, se fontèn dlo lavi a.
Nan limyè pa Ou a, nou wè limyè.
10 O bay toujou lanmou dous Ou a pou sila ki konnen Ou yo,
ak ladwati Ou pou sila ki dwat nan kè yo.
11 Pa kite pye ògèy vini sou mwen,
ni pa kite men a mechan yo chase mwen ale.
12 Se la sila k ap fè inikite yo gen tan fin tonbe.
Yo te peze desann ak fòs, e yo p ap kab leve ankò.
36:1 Wo 3:18 36:3 Sòm 10:7 36:4 Wo 12:9 36:5 Sòm 57:10 36:6 Wo 11:33 36:7 Rt 2:12 36:8 És 25:6 36:9 Jr 2:13 36:10 Sòm 24:5 36:12 Sòm 140:10