37
Yon Sòm David
Pa twouble tèt ou akoz mechan yo. Pa vin pote lanvi pou malfektè yo.
Paske yo va fennen vit tankou zèb chan,
e disparèt tankou zèb ki vèt.
Mete konfyans ou nan SENYÈ a, e fè sa ki bon.
Demere nan peyi a e kiltive nan bon tè.
Pran plezi ou nan SENYÈ a.
Konsa, Li va bay ou tout dezi a kè ou.
Dedye chemen ou a SENYÈ a.
Mete konfyans nan Li, e sa L ap fè:
Li va mennen fè parèt ladwati ou kon limyè,
Ak jijman ou klere kon midi.
Pran repo nan SENYÈ a, e tann Li ak pasyans;
Pa twouble ou akoz sila ki reyisi nan chemen li an,
Akoz nonm nan ki reyisi fè manèv mechan li yo.
Sispann fache pou l pa mennen ou nan fè mal.
Pa kite kè ou twouble; l ap mennen ou nan mechanste
Konsa, malfektè yo va koupe retire nèt,
men sila k ap tann SENYÈ yo,
va vin genyen peyi a kon eritaj yo.
10 Men yon ti tan ankò, mechan an va disparèt.
Ou va chache avèk atansyon plas li,
men li p ap egziste.
11 Konsa, enb yo va fè eritaj peyi a.
Yo va pran plezi yo nan reyisi anpil.
12 Mechan an fè konplo kont sila ki dwat yo.
Li manje dan l sou li.
13 SENYÈ a ri sou li, paske Li wè ke jou li a ap rive.
14 Mechan yo rale nepe e koube banza yo,
pou jete aflije yo avèk malere a,
pou touye sila ki dwat nan kondwit yo.
15 Nepe yo va antre nan pwòp kè yo.
Banza yo ap kase.
16  Pi bon se ti kras a moun dwat yo,
pase abondans anpil a mechan yo.
17 Paske bra a mechan yo va kase,
men SENYÈ a va ranfòse moun dwat yo.
18 SENYÈ a konnen jou a sila ki dwat yo.
Eritaj yo va dire jis pou tout tan.
19 Yo p ap wont nan move tan.
Nan jou gwo grangou yo, y ap jwenn kont.
 
20 Men mechan yo va peri.
Lènmi a SENYÈ a, tankou laglwa a bèl chan yo.
Yo va vin disparèt.
Tankou lafimen,
yo ale nèt.
21 Mechan an prete, men li pa remèt,
men moun dwat la ranpli ak gras pou l ka bay an abondans.
22 Paske sila ke Bondye beni yo, va eritye peyi a,
men sila ke Li modi yo, va vin koupe retire nèt.
23  Pa a yon nonm etabli pa SENYÈ a.
Konsa, Li pran plezi nan chemen li.
24 li tonbe, li p ap voye tèt anba nèt,
paske SENYÈ a se Sila ki kenbe men li an.
25 Mwen te jèn e koulye a, mwen fin granmoun,
men mwen poko wè moun dwat ki abandone,
ni desandan li yo k ap mande pen.
26 Tout lajounen, moun dwat la
plen ak gras pou prete moun.
Desandan li yo se yon benediksyon.
27 Kite mal e fè sa ki bon,
pou ou kab viv jis pou tout tan.
28 Paske SENYÈ a renmen jistis,
e li pa abandone fidèl li yo.
Yo prezève pou tout tan,
men mechan yo va vin koupe retire nèt.
29 Moun ladwati yo va eritye peyi a,
pou viv ladann pou tout tan.
 
30 Bouch a moun dwat yo va eksprime sajès,
epi lang li va pale jistis.
31  Lalwa Bondye nan kè li.
Pa li yo pa janm glise.
32 Mechan an ap veye dwat la
pou chache touye li.
33 SENYÈ a p ap kite l lantre nan men li,
ni kite li kondane lè li jije.
34 Tann SENYÈ a e kenbe chemen Li an.
Konsa, Li va leve ou wo pou eritye peyi a.
mechan yo koupe retire, ou va gen tan wè l.
 
35 Mwen konn wè yon nonm mechan e vyolan
Ki gaye kò l tankou yon gwo pyebwa nan tè peyi natal li.
36 Konsa, li mouri nèt, e vwala, li pa t la ankò.
Mwen te chache li, men li pa t kab twouve.
37 Byen remake nonm san tò a,
epi gade byen nonm ladwati a,
paske nonm lapè a va gen posterite.
38 Men pechè a va detwi nèt.
Posterite a mechan an va koupe retire nèt.
39 Men delivrans a moun dwat yo soti nan SENYÈ a.
Se Li menm ki fòs yo nan tan twoub la.
40 SENYÈ a ede yo e delivre yo.
Li delivre yo soti nan men mechan yo e sove yo.
Li sove yo, akoz se nan Li ke yo kache.
37:1 Sòm 73:3 37:2 Job 14:2 37:3 Éz 34:13-14 37:4 Sòm 145:19 37:5 Pwov 16:3 37:6 Job 11:17 37:7 Sòm 40:1 37:9 Sòm 37:2-22 37:10 Job 24:24 37:11 Mat 5:5 37:12 Sòm 31:13-20 37:13 I Sam 26:10 37:14 Lam 2:4 37:15 I Sam 2:4 37:16 Pwov 15:16 37:18 Sòm 1:6 37:19 Job 5:20 37:20 Sòm 68:2 37:21 Sòm 112:5-9 37:22 Pwov 3:33 37:23 I Sam 2:9 37:24 Pwov 24:15 37:25 Eb 13:5 37:26 Det 15:8 37:27 Sòm 102:28 37:29 Sòm 37:9 37:30 Sòm 119:13 37:31 Det 6:6 37:32 Sòm 37:14 37:33 Sòm 34:22 37:34 Sòm 52:5-6 37:35 Job 5:3 37:36 Job 20:5 37:37 És 57:1-2 37:38 Sòm 37:9 37:39 Sòm 3:8 37:40 I Kwo 5:20