39
Pou direktè koral la. Pou Jeduthyèn. Yon Sòm David
Mwen te di, mwen va veye chemen mwen,
pou m pa fè peche ak lang mwen.
Mwen va veye bouch mwen,
konsi li gen yon brid ladann
toutotan mechan yo rete nan prezans mwen.
Mwen te tankou bèbè e mwen te rete an silans.
Mwen te evite menm sa ki ta kab bon.
Konsa, tristès mwen te vin pi mal.
Kè m te cho anndan m.
Pandan mwen t ap reflechi dife a t ap brile.
Konsa, mwen te pale ak lang mwen:
SENYÈ, fè m konnen longè a jou mwen yo.
Fè m konnen ke m fèb anpil.
Gade byen, Ou te fè jou mwen yo kontwole
tankou lajè a men m ki louvri.
Lavi mwen konsi li pa anyen devan zye Ou.
Anverite, lavi chak moun, se yon sèl grenn souf.
Anverite, tout moun mache toupatou tankou yon lonbraj.
Anverite, yo fè gwo zen pou ryen.
Li ranmase byen yo, men l pa konnen kilès k ap rasanble yo.
Konsa, SENYÈ, kisa m ap tann nan?
Espwa m se nan Ou.
Delivre mwen de tout transgresyon mwen yo.
Pa fè m repwòch a moun san sajès yo.
Mwen tounen tibebe.
Mwen pa ouvri bouch mwen,
akoz se Ou ki te fè sa.
10  Rete touman Ou sou mwen.
Kou men Ou venk mwen.
M ap peri.
11 Avèk repwòch, Ou fè chatiman
a yon nonm pou inikite li.
Ou manje tankou mit nan rad sa ki konsidere
pi chè pou li menm nan.
Anverite, tout moun se sèlman yon souf.
12 Tande lapriyè mwen, O SENYÈ e
prete zòrèy Ou a kri mwen.
Pa rete an silans lè dlo ap koule nan zye m.
Paske mwen se yon etranje devan Ou,
yon vwayajè tankou tout papa zansèt mwen yo.
13  Vire rega figi Ou lwen m, pou m kab ri ankò,
avan ke m mouri pou m pa la ankò.”
39:1 Job 2:10 39:2 Sòm 38:13 39:3 Sòm 32:4 39:4 Job 6:11 39:5 Sòm 89:47 39:6 I Kor 7:31 39:7 Sòm 38:15 39:8 Sòm 51:9-14 39:9 II Sam 16:10 39:10 Job 9:34 39:11 Job 13:28 39:13 Job 7:19