38
Youn Sòm David; tankou yon sonj memorab
O SENYÈ, pa repwoche mwen nan kòlè Ou,
ni fè m chatiman nan kòlè Ou k ap brile.
Paske flèch Ou yo fin antre fon anndan m,
epi men Ou fin peze m.
Nanpwen anyen ki ansante nan chè m,
akoz endiyasyon Ou.
Nanpwen lasante nan zo m yo
akoz peche mwen.
Paske inikite mwen yo fin monte sou tèt mwen.
Tankou yon fado lou, yo peze twòp pou mwen.
Blesi mwen yo vin santi e anfle akoz foli mwen.
Mwen fin koube nèt e bese anpil.
Mwen ap fè doulè tout lajounen.
Paske ren mwen plen ak brile.
Nanpwen anyen ansante nan chè m.
Mwen pa kab santi anyen ankò.
Mwen fin kraze nèt.
Vwa m plenyen akoz kè m ajite.
SENYÈ, tout volonte m devan Ou.
Tout plent a vwa m yo pa kache a Ou menm.
10 Kè m bat fò, fòs mwen kite m.
Menm limyè a zye m, menm sa fin kite mwen.
11 Pwòch mwen yo avèk zanmi mwen yo
kanpe nan distans akoz touman m.
Fanmi m yo kanpe byen lwen.
12 Sila ki chache lavi m yo, ap prepare pyèj yo pou mwen.
Sila ki chache fè m donmaj yo ap fè menas destriksyon.
Y ap manniganse trayizon tout lajounen.
13 Men mwen menm, tankou yon moun mouri,
mwen pa tande;
Epi se tankou yon bèbè, ki pa ouvri bouch li.
14 Wi, mwen tankou yon nonm ki pa tande.
E nan bouch mwen, pa gen repons.
15 Paske mwen mete espwa m nan Ou, O SENYÈ.
Ou va reponn, O SENYÈ, Bondye mwen an.
16 Paske mwen te di: “Ke yo pa vin rejwi sou mwen.
Pou lè pye m chape, pou yo ta vante tèt yo kont mwen.”
17 Paske mwen prèt pou tonbe.
Tristès mwen devan m tout tan.
18 Konsa, mwen konfese inikite mwen.
Mwen ranpli avèk regrè akoz peche m.
19 Men lènmi m yo plen kouraj e fò.
Yo anpil ki rayi mwen san koz.
20 Sila ki remèt mal pou byen yo
se lènmi m akoz mwen swiv sa ki bon.
21 Pa abandone m, O SENYÈ.
O Bondye m nan, pa rete lwen m!
22 Fè vit pou ede mwen,
O SENYÈ, delivrans mwen an!
38:1 Sòm 6:1 38:2 Job 6:4 38:3 És 1:6 38:4 Esd 9:6 38:5 Sòm 69:5 38:6 Sòm 35:14 38:7 Sòm 102:3 38:8 Lam 1:13-20 38:9 Sòm 6:5 38:10 Sòm 31:10 38:11 Luc 23:49 38:15 Sòm 17:6 38:16 Sòm 35:26 38:17 Sòm 13:2 38:18 II Kor 7:9-10 38:19 Sòm 35:19 38:21 Sòm 22:19