41
Pou direktè koral la; Yon Sòm David
A la beni sila ki konsidere ka malere a beni!
SENYÈ a va delivre li nan jou twoub li.
SENYÈ a va pwoteje li e fè l viv.
Li va rele beni sou latè a.
Ni li p ap livre a volonte lènmi li yo.
SENYÈ a va bay li soutyen lè l malad sou kabann nan.
Nan maladi li, li va restore li a lasante.
Konsa, pou mwen, mwen te di: “O SENYÈ, fè m gras.
Geri nanm mwen paske mwen te peche kont Ou.”
Lènmi m yo pale mal kont mwen:
“Kilè l ap mouri pou non li disparèt?”
Si li vin wè m, li bay manti.
Kè li ranmase mechanste pou kont li.
Lè l sòti deyò, li pale sa.
Tout sila ki rayi mwen yo
soufle ti pawòl nan zòrèy youn lòt.
Kont mwen, yo fè plan pou
donmaje mwen epi yo di:
“Yon bagay mechan gen tan pran l,
pou lè l kouche, pou l pa leve ankò.”
Menm zanmi ki te pre m nan,
nan sila mwen te mete konfyans la,
li ki te manje pen mwen,
te leve talon li kont mwen.
 
10 Men Ou menm, O SENYÈ, fè m gras e fè m leve
pou m kab bay yo rekonpans yo.
11 Se konsa mwen konnen ke Ou pran plezi nan mwen.
Akoz lènmi mwen an pa kriye viktwa sou mwen.
12 Pou mwen menm, Ou soutni mwen nan entegrite m,
epi Ou mete mwen nan prezans Ou
jis pou tout tan.
 
13  Beni se SENYÈ a, Bondye Israël la,
soti pou tout tan, jis rive pou tout tan.
Amen e amen.
41:1 Sòm 27:5 41:2 Sòm 27:12 41:4 Sòm 51:4 41:5 Sòm 38:12 41:6 Sòm 12:2 41:7 Sòm 56:5 41:8 Sòm 71:10-11 41:9 II Sam 15:12 41:10 Sòm 3:3 41:11 Sòm 37:23 41:12 Job 36:7 41:13 Sòm 72:18-19