LIV 2
42
Pou direktè koral la. Yon refleksyon pa fis Kore yo.
Jan sèf la rale souf ak swaf pou dlo ravin nan,
Konsa nanm mwen rale souf pou Ou, O Bondye.
Nanm mwen swaf pou Bondye,
Pou Bondye vivan an.
Se kilè mwen kab vini pou parèt devan Bondye?
Se dlo nan zye m ki manje mwen lajounen kon lannwit.
Pandan y ap di m tout lajounen:
“Kote Bondye ou a?”
Bagay sa yo mwen sonje e mwen
vide nanm mwen nèt anndan m.
Paske mwen te konn ale ansanm ak foul la,
pou pran devan nan pwosesyon pou rive lakay Bondye,
avèk yon vwa lajwa, ak remèsiman, yon gran foul k ap fè fèt sakre a.
Poukisa, o nanm mwen, ou nan dezespwa?
Epi poukisa ou twouble anndan m?
Mete espwa ou nan Bondye, paske mwen
va louwe Li ankò akoz sekou a prezans Li an.
O Bondye mwen, nanm mwen pèdi espwa anndan mwen.
Pou sa, mwen sonje Ou soti nan peyi
Jourdain an avèk tèt mòn Hermon yo, soti kanpe nan Mòn Mitsear.
Pwofondè a rele pwofondè a nan son kaskad dlo Ou yo.
Tout gwo dlo ak move lanmè Ou yo fin koule sou mwen.
 
SENYÈ a va òdone lanmou dous Li a nan lajounen,
chan Li yo va avèk mwen pandan nwit lan:
Yon lapriyè a Bondye lavi mwen an.
Mwen va di a Bondye, wòch mwen an:
“Poukisa Ou te bliye mwen?
Poukisa mwen antre nan tristès akoz opresyon lènmi an?”
10 Se tankou tout zo mwen yo kraze,
jan advèsè mwen yo anmède mwen,
pandan y ap di m tout lajounen:
“Kote Bondye Ou a”?
11 Poukisa ou nan dezespwa, O nanm mwen?
Epi poukisa ou vin twouble anndan mwen?
Mete espwa ou nan Bondye, paske m ap louwe Li ankò,
O soutyen kè mwen an, e Bondye mwen an.
42:1 Sòm 119:131 42:2 Egz 23:17 42:3 Sòm 79:10 42:4 I Sam 1:15 42:5 Sòm 44:3 42:7 Sòm 69:1-2 42:8 Job 35:10 42:9 Sòm 17:9 42:10 Sòm 42:3