45
Pou direktè koral la; selon “Flè Lis Yo.” Yon Sòm a fis a Koré yo.
Yon Chanson Fèt Maryaj
Kè m debòde avèk yon bèl sijè.
Mwen resite vèsè mwen yo pou Wa a.
Lang mwen se plim a yon ekriven byen prepare.
Ou pi bo pase tout lòt nan fis a lòm yo.
Lagras debòde sou lèv ou.
Pou sa, Bondye te beni ou jis pou tout tan.
Mete nepe Ou sou kwis ou, O Sila Ki Pwisan an,
nan bèlte Ou avèk majeste Ou!
Nan majeste Ou, Ou va monte nèt an viktwa.
Pou koz verite avèk imilite, avèk ladwati,
kite men dwat Ou enstwi Ou bagay mèvèy yo.
Flèch Ou yo filè.
Tout nasyon yo tonbe anba Ou,
epi flèch Ou yo lantre nan kè lènmi a Wa a.
Twòn Ou, O SENYÈ, se pou tout tan e pou tout tan;
Baton ladwati a se baton wayal a wayòm Ou an.
Ou te renmen ladwati e te rayi mechanste.
Pou sa, Bondye, Bondye pa Ou a,
te onksyone Ou avèk lwil lajwa plis ke moun parèy Ou yo.
Tout vètman Ou yo santi tankou lami, womaren ak sitwonèl.
Soti nan palè livwa yo,lenstriman a kòd yo vin fè Ou kontan.
Fi a wa yo vin pami fanm pi onore yo.
Sou men dwat Ou, kanpe rèn nan, abiye an lò ki sòti Ophir a.
10 Koute byen, O fi, prete atansyon e panche zòrèy ou.
Bliye pèp ou a avèk lakay papa ou.
11 Konsa, wa a va dezire bèlte ou.
Akoz li se senyè ou, vin bese ba devan L.
12 Fi Tyr la va vini avèk yon kado.
Moun gwo riches pami pèp yo k ap chache favè ou.
13 Lamarye a wa a bèl nèt anndan.
Vètman li trese antre sòti avèk lò.
14 Li va mennen kote Wa a nan yon zèv bwodri.
Vyèj yo, konpanyen li yo, k ap swiv li va mennen bò kote Ou.
15 Yo va mennen fè parèt avèk kè kontan ak anpil rejwisans.
Yo va antre nan palè a wa a.
16 Nan plas a papa zansèt ou yo, va gen fis ou yo.
Ou va fè yo prens sou tout latè.
17 Mwen va fè non Ou sonje nan tout jenerasyon yo.
Akoz sa, tout pèp yo va bay Ou
remèsiman pou tout tan e pou tout tan.
45:2 Luc 4:22 45:4 So 2:3 45:5 II Sam 18:14 45:6 Sòm 98:9 45:7 Sòm 2:2 45:9 I Wa 2:19 45:10 Det 21:13 45:11 Ef 5:33 45:12 Sòm 87:4 45:13 Egz 39:2-3 45:14 So 1:4 45:17 Mal 1:11