44
Pou direktè koral la; Yon Sòm refleksyon pa fis a Koré yo
O Bondye, nou te tande avèk zòrèy nou.
Zansèt nou yo te pale nou
travay ke Ou te fè nan jou pa yo,
nan jou ansyen yo.
Ou menm, avèk pwòp men Ou,
Ou te chase mete nasyon yo deyò,
men Ou te plante yo.
Ou te foule yo anba. Ou te aflije yo,
Ou te gaye yo toupatou.
Konsa, se pa ak pwòp nepe pa yo ke yo te posede peyi a,
ni se pa pwòp bra yo ki te sove yo,
men se men dwat Ou avèk bra Ou,
ak limyè prezans Ou an,
akoz Ou te bay yo favè.
Se Ou menm ki Wa m, O Bondye.
Òdone viktwa pou Jacob.
Ak pouvwa Ou menm, nou va pouse fè advèsè nou fè bak;
Nan non Ou, nou va pile fè desann
sila ki leve kont nou yo.
Paske mwen p ap mete konfyans nan banza mwen,
ni se pa nepe m k ap sove mwen.
Men Ou te sove nou kont advèsè nou yo,
Epi Ou te fè tout sila ki rayi nou yo wont.
Nan Bondye, nou te louwe tout lajounen.
Nou va bay remèsiman a non Ou jis pou tout tan.
 
Alò, koulye a, Ou rejte nou,
e mennen nou nan gwo wont.
Ou pa sòti ankò avèk lame nou yo.
10 Ou fè nou vire fè bak devan advèsè a,
epi sila ki rayi nou yo fè piyaj pou kont yo.
11 Ou te fè nou kon mouton,
tankou mouton ki te livre pou manje,
epi te gaye nou pami nasyon yo.
12 Ou vann pèp Ou bon mache e Ou pa fè pwofi nan vant lan.
13 Ou fè nou repwòche devan vwazen nou yo,
yon objè ki moke e giyonnen pa sila ki antoure nou yo.
14 Ou fè nou tounen yon vye mò pami nasyon yo,
Yon rizib ki fè moun ri pami pèp yo.
15 Tout lajounen dezonè sa a rete la devan m,
epi imilyasyon mwen kraze m nèt.
16 Akoz vwa a sila ki fè m repwòch e ki meprize mwen,
akoz prezans lènmi an avèk vanjè a.
17 Tout sa gen tan rive sou nou,
men nou pa te bliye Ou,
ni nou pa t aji nan manti selon akò Ou a.
18 Kè nou pa t vire fè bak, ni pa nou yo
pa t varye soti nan chemen Ou.
19 Malgre, Ou te kraze nou nan landwa chen mawon yo,
e te kouvri nou avèk lonbraj lanmò a.
20 Si nou te bliye non a Bondye nou an,
oswa lonje men nou vè yon lòt dye etranje,
21 èske Bondye pa ta dekouvri sa a?
Paske Li konnen tout sekrè a kè yo.
22 Men pou lakoz a Ou menm, nou vin touye tout lajounen.
Nou konsidere tankou mouton k ap rive labatwa.
23 Leve Ou menm! Poukisa Ou ap dòmi, O SENYÈ?
Leve nan dòmi! Pa rejte nou nèt.
24 Poukisa Ou kache figi Ou e bliye ke n ap soufri e oprime?
25 Paske nanm nou te neye jis rive nan pousyè.
Kò nou kole jis rive atè.
26  Leve monte! Bay nou sekou!
Rachte nou pou koz
lanmou dous Ou a.
44:1 Det 32:7 44:2 Jos 3:10 44:3 Det 8:17-18 44:4 Sòm 74:12 44:5 Sòm 108:13 44:6 I Sam 17:47 44:7 Sòm 136:24 44:8 Sòm 34:2 44:9 Sòm 60:10 44:10 Lev 26:17 44:11 Lev 26:33 44:12 Det 32:30 44:13 Sòm 80:6 44:14 II Wa 19:21 44:16 Sòm 74:10 44:17 Sòm 78:57 44:18 Job 23:11 44:19 Job 3:5 44:20 Det 6:14 44:21 Sòm 139:1-2 44:22 Wo 8:36 44:23 Sòm 77:7 44:24 Job 13:24 44:25 Sòm 119:25 44:26 Sòm 35:2