50
Yon Sòm Asaph
Sila Ki Pwisan Nèt la, Bondye, SENYÈ a, fin pale.
Li rele lemonn lan soti nan leve solèy la
jis rive nan kote li kouche a.
Soti nan Sion, bèlte pafè a,
Bondye fè limyè Li parèt.
Bondye nou vin parèt.
Li pa rete an silans.
Dife devore devan L, e tanpèt yo antoure L.
Li rele tout syèl yo anwo,
avèk latè pou jije pèp Li a:
“Rasanble fidèl Mwen yo kote M,
Sila ki te fè yon akò sakrifis yo avè M.
Epi syèl yo deklare ladwati Li,
paske Bondye, Li menm, se Jij.
Tan
“Koute O pèp Mwen an e Mwen va pale.
O Israël, Mwen va fè temwayaj kont ou.
Mwen se Bondye, Bondye pa ou a.
Mwen pa repwoche ou pou sakrifis ou yo.
Ofrann brile nou yo devan m tout tan.
Mwen pa bezwen okenn jenn towo sòti lakay ou,
Ni mal kabrit ki sòti nan pak ou yo.
10 Paske tout bèt nan forè yo se pou mwen,
ak tout bèt domestik sou mil kolin yo.
11 Mwen konnen tout zwazo nan mòn yo.
Tout sa ki fè mouvman nan chan yo se pou Mwen.
12 Si mwen te grangou, mwen pa t ap di ou sa,
paske tout mond lan se pou Mwen, avèk tout sa ki ladann.
13 Èske m ta manje chè towo yo,
oswa bwè san a mal kabrit yo?
14 Ofri a Bondye yon sakrifis remèsiman
e peye ve ou yo a Pi Wo a.
15 Rele Mwen nan jou twoub la.
Mwen va delivre ou e ou va onore M.”
 
16 Men a mechan yo Bondye di:
“Ki dwa ou genyen pou pale sou règleman Mwen yo,
pou pran akò Mwen an nan bouch ou?
17 Paske ou rayi disiplin, e jete pawòl Mwen yo dèyè w.
18 Lè ou wè yon vòlè, ou vin dakò avè l,
epi ou asosye ou avèk moun adiltè yo.
 
19 Ou lage bouch ou nèt nan mechanste.
Lang ou fè ankadreman pou manti.
20 Ou chita pale kont frè ou.
Ou fè kout lang fò kont pwòp pitit manman ou.
21 Bagay sa yo, ou te fè yo,
e Mwen pa t di yon mo.
Ou te konprann ke M te menm jan ak ou.
Mwen va repwoche ou
e pale ka a an lòd devan zye ou.
 
22 Alò, konsidere sa, nou menm ki bliye Bondye,
oswa, Mwen va chire nou an mòso,
e p ap gen pèsòn ki pou sove nou.
23 Sila ki ofri yon sakrifis remèsiman onore M,
epi a sila ki fè chemen li dwat la,
Mwen va montre li sali Bondye a.”
50:1 Sòm 113:3 50:2 Sòm 48:2 50:3 Sòm 96:13 50:4 Det 4:26 50:6 Sòm 75:7 50:7 Egz 20:2 50:8 Sòm 40:6 50:9 Sòm 69:31 50:10 Sòm 104:24 50:11 Mat 6:26 50:12 Egz 19:5 50:13 Sòm 50:9 50:14 Sòm 27:6 50:15 Sòm 81:7 50:16 És 29:13 50:17 Pwov 5:12 50:19 Sòm 36:3 50:20 Job 19:18 50:21 Sòm 90:8 50:22 Job 8:13