51
Yon Sòm David lè pwofèt la, Nathan te rive kote li lè l te fin ale kote Bath-Schéba.
Fè m gras, O Bondye, selon lanmou dous Ou a.
Selon grandè a mizerikòd ou,
efase transgresyon mwen yo.
Lave m nèt de inikite mwen yo e
netwaye m de peche mwen an.
Paske mwen konnen transgresyon mwen yo.
Peche mwen yo devan m tout tan.
Kont Ou, Ou menm sèlman, mwen te peche,
e te fè mal devan zye Ou.
Akoz sa, Ou jis lè Ou pale, e san tò lè Ou jije.
Gade byen, mwen te fèt nan inikite,
e se nan peche manman m te vin ansent mwen.
Men vwala, Ou vle verite a menm nan pati anndan m nèt.
Nan pati kache anndan m, Ou va fè m konnen sajès.
Pirifye m ak izòp e mwen va pwòp.
Lave mwen e mwen va pi blan ke lanèj.
Fè m tande lajwa avèk kè kontan,
pou zo ke Ou te kase yo, vin rejwi.
Kache figi Ou de peche m yo.
Efase tout inikite mwen yo.
10 Kreye nan mwen yon kè pwòp, O SENYÈ,
epi refè yon lespri ki dwat anndan m.
11 Pa jete mwen lwen prezans Ou e
pa retire Lespri Sen Ou an sou mwen.
12 Restore nan mwen lajwa sali Ou a.
Ranfòse m avèk yon lespri bòn volonte.
13 Konsa, mwen va enstwi transgresè yo chemen Ou yo,
e pechè yo va konvèti a Ou menm.
14 Delivre mwen de koupabilite san vèse a,
O Bondye, Bondye a sali mwen an.
Konsa, lang mwen va chante avèk jwa
selon ladwati a Ou menm nan.
15 O Mèt mwen an, ouvri lèv mwen
pou m kab deklare lwanj Ou.
16 Paske Ou pa pran plezi nan sakrifis.
Otreman, mwen ta bay li.
Ofrann brile yo pa fè Ou kontan.
17 Sakrifis a Bondye yo se yon espri ki kraze.
Yon kè brize e ki repantan, O Bondye,
Ou p ap meprize l.
 
18 Avèk bonte Ou, fè byen pou Sion.
Bati miray a Jérusalem yo.
19 Konsa, Ou va rejwi nan sakrifis ladwati yo,
nan ofrann brile avèk ofrann brile nèt yo.
Konsa, jenn towo yo va ofri sou lotèl Ou a.
51:1 Sòm 51:9 51:4 Wo 3:4 51:6 Pwov 2:6 51:7 És 1:18 51:8 Sòm 35:10 51:9 Jr 16:17 51:10 Sòm 78:37 51:11 És 63:10-11 51:13 Sòm 22:27 51:14 II Sam 12:9 51:15 Egz 4:15 51:16 I Sam 15:22 51:17 Sòm 34:18 51:18 Sòm 69:35 51:19 Sòm 4:5