54
Pou direktè koral la; sou enstriman ak kòd yo. Yon sòm
a David, lè Zifyen yo te vin di Saül: “Èske David pa kache pami nou?”
Sove mwen, O Bondye, ak non Ou
e fè vanjans mwen ak pouvwa Ou.
Koute lapriyè mwen, O Bondye.
Prete zòrèy a pawòl a bouch mwen.
Paske etranje yo fin leve kont mwen.
Moun vyolans yo te chache lavi mwen.
Yo pa t mete Bondye devan yo.
Gade byen, Bondye se èd mwen.
SENYÈ a se soutyen a nanm mwen.
Li va rekonpanse mal a lènmi mwen yo.
Detwi yo nan fidelite Ou.
Avèk bòn volonte, mwen va fè sakrifis a Ou.
Mwen va bay remèsiman a non Ou, O SENYÈ, paske li bon.
Paske Li te delivre mwen nan tout twoub.
Konsa, zye mwen te wè ak kè kontan, defèt lènmi m yo.
54:2 Sòm 5:1 54:3 Sòm 36:1 54:4 Sòm 37:17-24 54:5 Sòm 89:49 54:6 Nonb 15:3 54:7 Sòm 34:6