55
Pou direktè koral la; sou enstriman ak kòd yo
Yon Refleksyon David
Prete zòrèy a lapriyè mwen, O Bondye.
Pa kache Ou menm a siplikasyon mwen yo.
Prete atansyon a mwen e reponn mwen.
Mwen pa alèz nan plent mwen yo.
Anverite, mwen deranje nèt
akoz vwa lènmi an,
akoz presyon mechan an.
Paske yo pote twoub desann sou mwen.
Nan kòlè yo, yo pote rankin kont mwen.
Kè m twouble anndan m.
Sezisman lanmò fin tonbe sou mwen.
Laperèz avèk tranbleman fin rive sou mwen.
Mwen etone jiskaske m debòde.
Mwen te di: “O ke m te gen zèl kon toutrèl la!
Konsa, mwen ta sove ale pou twouve repo.
Mwen ta demere nan dezè a.”
Tande byen, mwen ta rive byen lwen.
Mwen ta ale rete nan savann nan.
Tan
Mwen ta fè vit rive kote pou m kache kont van tanpèt la,
kont move tan an.
Mete yo nan konfizyon, O SENYÈ, divize lang yo,
paske mwen te wè vyolans avèk goumen nan vil la.
10 Lajounen kon lannwit, yo antoure vil la sou miray li yo.
Inikite avèk mechanste nan mitan li.
11 Destriksyon ladann.
Opresyon avèk desepsyon pa janm kite lari li yo.
12 Paske se pa lènmi an ki fè m repwòch.
Konsa, mwen ta kab sipòte l.
Ni se pa yon moun ki rayi mwen ki vin leve kont mwen.
Konsa, mwen ta kab kache de li.
13 Men se ou menm, yon nonm parèy mwen, konpanyen mwen ak zanmi mwen.
14 Nou menm, ki te fè kominyon dous ansanm,
ki te mache nan kay Bondye a nan mitan tout pèp la.
15 Pou sa a Kite lanmò rive sibitman sou yo.
Kite yo desann tou vivan kote mò yo ye.
Paske mechanste a nan abitasyon yo, pami yo, kote yo rete a.
16 Pou mwen, mwen va rele Bondye.
SENYÈ a va sove mwen.
17  Nan aswè, nan maten ak midi, mwen va plenyen e bougonnen.
Li va tande vwa m.
18 Li te rachte nanm mwen anpè,
soti nan batay ki kont mwen an,
malgre yo anpil, k ap lite avè m yo.
19 Bondye ki sou fotèy L jis pou tout tan,
va tande e reponn yo.
Tan
 
Nan sila pa gen chanjman an.
Yo pa gen krent Bondye a.
20 Li te lonje men li kont moun ki te nan lapè avèk li a.
Li te vyole akò li a.
21 Pawòl li te pi dous pase bè,
men ak kè, li te fè lagè.
Pawòl li yo te pi dous pase lwil,
men se nepe rale yo te ye.
 
22  Voye fado ou sou SENYÈ a, e Li va bay ou soutyen.
Li p ap janm kite moun ladwati yo ebranle.
23 Men Ou menm, O Bondye, va rale yo desann nan fòs destriksyon an.
Moun ki vèse san e ki bay manti
p ap rive fè mwatye nan jou yo.
Men mwen menm va mete konfyans nan Ou.
55:1 Sòm 27:9 55:3 II Sam 16:7-8 55:4 Sòm 38:8 55:5 21:6 55:6 Job 3:13 55:7 I Sam 23:14 55:8 És 4:6 55:9 Jen 11:9 55:11 Sòm 10:7 55:12 Sòm 41:9 55:14 Sòm 42:4 55:15 Nonb 16:30-33 55:16 Sòm 57:2-3 55:17 Sòm 141:2 55:18 Sòm 56:2 55:19 Sòm 36:1 55:20 Nonb 30:2 55:21 Sòm 12:2 55:22 Sòm 37:5 55:23 Sòm 5:6