56
Pou direktè koral la. Yon powèm David lè Filisten yo te sezi li Gath.
Chante pa melodi “Toutrèl San Chanson Nan Peyi Lwen An”
Fè m gras, O Bondye, paske lòm fin foule m anba pye;
Nan goumen tout lajounen, li vin oprime mwen.
Lènmi m yo vle vale m tout lajounen.
Yo anpil! Tout sila ki goumen ak ògèy kont mwen yo.
Lè mwen pè, mwen va mete konfyans nan Ou.
Nan Bondye, mwen fè lwanj pawòl Li!
Nan Bondye, mwen te mete konfyans mwen.
Mwen p ap pè.
Kisa lòm ka fè m?
Tout lajounen, yo tòde pawòl mwen yo.
Tout panse yo kont mwen se pou mal.
Yo atake, yo kache, yo veye pa mwen yo.
Y ap tann pou rache lavi m.
Akoz mechanste sa a, jete yo deyò.
Nan kòlè Ou, fè desann moun sa yo, O Bondye!
Ou te byen konte tout egare mwen fè.
Mete tout gout dlo ki sòti nan zye m yo nan boutèy Ou.
Èske yo tout pa ekri nan liv Ou a?
Konsa, lènmi mwen yo va vire fè bak nan jou ke m rele a.
Men sa m byen konnen: Bondye pou mwen.
10 Nan Bondye, ma louwe pawòl li.
Nan SENYÈ a, ma louwe pawòl li.
11 Nan Bondye, mwen te mete konfyans mwen.
Mwen p ap pè. Kisa lòm ka fè m?
12  Ve Ou yo mare sou mwen, O Bondye.
Mwen va rann ofrann remèsiman a Ou menm.
13 Paske Ou te delivre nanm mwen soti nan lanmò.
Ou te anpeche pye mwen glise tonbe,
pou m ta kab mache devan Bondye
nan limyè a moun vivan yo.
56:1 Sòm 17:9 56:4 Sòm 118:6 56:5 II Pi 3:16 56:6 Sòm 71:10 56:7 Sòm 36:12 56:8 Mal 3:16 56:12 Sòm 50:14 56:13 Sòm 116:8