58
Pou direktè koral la; Nan melodi la “Pa Detwi”. Yon Sòm David
Vrèman, èske nou pale ladwati, O lòt dye yo?
Èske nou jije san fòt, O fis a lòm yo?
Non, nan kè, nou fòmante inikite.
Sou latè, nou peze balans pou separe
bay vyolans ak men nou.
Mechan yo pèvès depi nan vant.
Sila ki bay manti yo fè move wout depi nesans yo.
Yo gen pwazon tankou pwazon sèpan.
Kon vipè soud ki bouche zòrèy li,
pou li pa tande vwa a sila k ap chame li yo,
malgre se yon majisyen abil k ap fè wanga.
O Bondye, kraze dan nan bouch yo!
Kase gwo dan a jenn lyon an, O SENYÈ.
Kite yo koule disparèt tankou dlo k ap kouri sou tè.
Lè flèch li yo parèt, kite yo fèt tankou shaf san tèt.
Kite yo tankou kalmason ki fonn,
ki vin disparèt pandan l ap mache,
tankou avòtman a yon fanm ki p ap janm wè solèy la.
Avan chodyè ou yo kab santi dife pikan yo,
Li va bale yo fè yo disparèt nan van toubiyon;
vèt ak sila kap brile yo, ansanm.
10 Moun ladwati a va rejwi lè l wè vanjans lan.
Li va lave pye li nan san a mechan yo,
11 pou moun yo di: “Anverite, gen yon rekonpans pou moun ladwati yo.
Anverite, genyen yon Bondye k ap jije latè!”
58:1 Sòm 82:2 58:2 Mal 3:15 58:4 Det 32:33 58:5 Ekl 10:11 58:6 Job 4:10 58:7 Jos 2:11 58:8 Job 3:16 58:9 Job 27:21 58:10 Det 32:43