59
Pou direktè koral la; Nan melodi la “Pa Detwi”. Yon powèm David lè Saül te voye yo lakay pou touye l.
Delivre mwen de lènmi m yo, O Bondye mwen;
Plase mwen byen wo an sekirite
byen lwen de sila ki leve kont mwen yo.
Delivre m de sila ki fè inikite yo,
e sove mwen de moun ki vèse san yo.
Paske gade byen, yo fè anbiskad pou lavi m.
Mesye fewòs ki fè atak kont mwen yo,
pa akoz transgresyon mwen, ni peche m, O SENYÈ.
Se pa akoz mwen koupab ke yo vin kouri mete yo kont mwen an.
Leve Ou menm pou wè, e fè m sekou!
Ou menm, O SENYÈ Bondye dèzame yo, Bondye Israël la,
leve e pini tout nasyon yo.
Pa bay gras a moun mechan yo ki fè trèt nan inikite.
Tan
Yo retounen nan aswè.
Yo rele tankou chen pandan yo antoure lavil la.
Gade byen, yo fè pete gwo gaz ak bouch yo.
Nepe yo nan lèv yo, paske yo di:
“Kilès ki tande”?
Men Ou menm, O SENYÈ, ri sou yo!
Ou menm, giyonnen tout nasyon sa yo.
O Fòs mwen, m ap veye tann Ou.
Bondye se sitadèl mwen.
10 Bondye mwen an ak lanmou dous Li a, va devan m.
Bondye va kite mwen triyonfè sou advèsè mwen yo.
11 Pa fin touye yo, sinon moun mwen yo ka bliye.
Gaye yo avèk pouvwa Ou, e rale fè yo desann,
O SENYÈ, boukliye nou an.
12 Akoz peche a bouch yo avèk pawòl lèv yo,
Kite yo sezi pran nan pwòp ògèy yo.
Paske se malediksyon avèk manti yo bay.
13 Detwi yo nan kòlè Ou!
Detwi yo pou yo disparèt nèt.
Pou Moun kab konnen se Bondye k ap renye sou Jacob,
jis rive sou tout latè.
Tan
14 Kite yo retounen nan aswè.
Kite yo rele anlè tankou chen, pandan yo antoure vil la.
15 Yo gaye toupatou.
Yap tan tout lanwit si yo pa satisfè.
 
16 Men pou mwen, mwen va chante de fòs Ou.
Wi, avèk jwa, mwen va chante sou lanmou dous Ou nan maten.
Paske Ou te toujou sitadèl mwen,
yon pwotèj nan jou gran twoub mwen an.
17 A Ou menm, gran fòs mwen, mwen va chante lwanj a Ou menm.
Paske Bondye se sitadèl mwen,
Bondye ki montre mwen lanmou dous la.
59:1 Sòm 143:9 59:2 Sòm 26:9 59:3 Sòm 56:6 59:4 Sòm 7:6 59:6 Sòm 22:16 59:7 Sòm 57:4 59:8 Sòm 37:13 59:9 Sòm 9:9 59:10 Sòm 54:7 59:11 Det 4:9 59:12 So 3:11 59:13 Sòm 83:18 59:14 Sòm 59:6 59:15 Job 15:23 59:16 II Sam 22:3