6
Pou direktè koral la; avèk enstriman ak fil yo sou yon gita uit kòd.
Yon sòm David.
O SENYÈ, pa repwoche mwen nan kòlè Ou,
ni ba m chatiman nan fachez Ou.
Fè m gras, O SENYÈ, paske mwen
chagren anpil.
Geri mwen, O SENYÈ, paske zo m yo rele anmwey,
epi nanm mwen fè gwo chagren.
Men Ou, O SENYÈ,—jiskilè?
Retounen, O SENYÈ, fè nanm mwen chape.
Sove mwen akoz lanmou dous Ou a.
Paske mò yo pa rele non Ou.
Nan andwa kote mò yo ye a,
se kilès k ap bay Ou remèsiman?
Mwen bouke ak plent ki sòti anndan m.
Chak nwit, kabann mwen vin naje ak dlo.
Dlo ki sòt nan zye m yo fin gate kabann nan.
Zye m pouri nèt ak gwo doulè.
Yo vin vye nèt akoz tout advèsè mwen yo.
Sòti sou mwen, nou tout ki fè mechanste yo,
paske SENYÈ a te tande gwo kri mwen.
SENYÈ a te tande demand priyè mwen.
SENYÈ a te resevwa lapriyè mwen.
10 Tout lènmi mwen yo va wont e deranje nèt.
Yo va vire fè bak sibitman.
Yo va vin wont anpil.
6:1 Sòm 38:1 6:2 Os 6:1 6:3 Sòm 88:3 6:4 Sòm 17:13 6:5 Ekl 9:10 6:6 Sòm 42:3 6:7 Job 17:7 6:8 Mat 7:23 6:9 Sòm 66:19-20 6:10 Sòm 73:19