7
Yon Sòm David, ke li te chante a SENYÈ a pou yon moun tribi Benjamin ki te rele Cush.
O SENYÈ Bondye mwen an, nan Ou mwen kache.
Sove mwen de tout sila k ap kouri dèyè m yo e fè m sekou,
sof ke li ta chire nanm mwen tankou yon lyon,
epi rale m akote pandan pa gen moun pou delivre m.
O SENYÈ mwen, si mwen menm te fè sa,
si gen enjistis nan men m,
si mwen te rekonpanse mal a zanmi mwen,
oswa te piyaje sila ki te lènmi mwen a san koz la,
kite lènmi an kouri dèyè nanm mwen
jiskaske li pran l,
epi kite li foule lavi mwen jis atè.
Fè glwa mwen kouche nèt nan pousyè a.
Tan
Leve, O SENYÈ, nan kòlè Ou;
leve Ou menm kont raj ladvèsè mwen yo.
Leve Ou menm pou mwen;
Ou menm ki te etabli jijman an.
Kite asanble a tout pèp yo antoure Ou.
Gouvènen yo, depi an wo.
Se SENYÈ a ki jije pèp yo.
Fè m jistis O SENYÈ,
selon ladwati mwen ak jan mwen kanpe fèm.
Alò, mete fen a mechanste malfektè yo,
men etabli sila ki dwat yo.
Paske se ladwati Bondye ki fè prèv
nan kè avèk panse moun.
10 Boukliye mwen se avèk Bondye,
ki sove sila ki dwat yo.
11 Bondye se yon jij ki jis
e ki rayi enjistis chak jou.
12 Si yon nonm pa repanti, La p file nepe Li.
Li deja koube banza Li; Li prèt.
13 Anplis, Li fin prepare pou kont Li zam mòtèl yo.
Li fè flèch ak shaf ki brile yo.
14 Gade byen, l ap lite nan mechanste.
Wi, li plante jèm mechanste a,
epi li vin bay nesans a tout sa ki fo.
15 Li te fouye yon twou, kreve l nèt,
e vin tonbe nan twou ke li te fè a.
16  Mechanste li va retounen sou pwòp tèt li,
e vyolans pa l ap desann sou pwòp fwon li.
17 Mwen va bay remèsiman a SENYÈ a selon ladwati Li.
Mwen va chante lwanj a non SENYÈ a,Toupwisan an.
7:1 Sòm 31:1 7:2 Sòm 57:4 7:3 I Sam 24:11 7:4 I Sam 24:7 7:6 Sòm 138:7 7:7 Sòm 22:27 7:8 Sòm 18:20 7:9 Jr 11:20 7:10 Sòm 97:10-11 7:11 Sòm 90:9 7:12 Det 32:41 7:14 És 59:4 7:15 Job 4:8 7:16 Est 9:25 7:17 Sòm 71:15-16