66
Pou direktè koral la; yon chan, yon Sòm
Rele fò ak lajwa a Bondye, tout latè a!
Chante glwa a non Li!
Ranpli lwanj Li ak laglwa!
Di Bondye: “Zèv Ou yo mèvèye”!
Akoz grandè a pwisans Ou, menm,
lènmi Ou yo va soumèt a Ou.
Tout latè va fè adorasyon a Ou menm.
Li va chante lwanj Ou.
Tout va chante lwanj a non Ou;
Tan
Vini pou wè zèv Bondye yo.
Zèv etonnan anvè fis a lòm yo.
Li te chanje lanmè a an tè sèch.
Yo te pase travèse rivyè apye.
La menm, nou te rejwi nan Li!
Li renye ak pwisans pou tout tan.
Zye Li veye sou nasyon yo.
Pa kite rebèl yo egzalte kont Li.
Beni Bondye nou an, O pèp yo!
Fè lwanj Li sone,
ki kenbe nou pami vivan yo,
e ki pa kite pye nou glise.
10 Paske Ou te fè nou pase a leprèv, O Bondye.
Ou te rafine nou tankou ajan konn rafine.
11 Ou te rale nou antre nan filè a.
Ou te mete yon fado lou sou ren nou.
12 Ou te fè moun monte sou tèt nou.
Nou te pase nan dife ak nan dlo,
men Ou te fè nou sòti antre yon kote avèk anpil abondans.
13 Mwen va vini lakay Ou avèk Ofrann brile.
Mwen va peye Ou ve mwen yo,
14 ki te sòti nan lèv mwen,
ke bouch mwen te pale lè m te nan gwo twoub yo.
15 Mwen va ofri a Ou menm yon ofrann brile nan grès a bèt gra yo,
avèk lafimen a belye yo.
Mwen va fè ofrann a towo yo avèk mal kabrit yo.
16 Vin tande, nou tout ki gen lakrent Bondye
e mwen va pale ou tout sa Li te fè pou nanm mwen.
17 Mwen te kriye a Li menm avèk bouch mwen.
Ak lang mwen, mwen te leve Li wo.
18 Si mwen gade inikite nan kè m,
Senyè a p ap koute mwen.
19 Men anverite, Bondye te tande.
Li te teni kont de vwa a priyè mwen.
20 Beni se Bondye, ki pa t refize koute
lapriyè mwen,
ni ki pa t kache lanmou dous Li a sou mwen.
66:1 Sòm 81:1 66:2 Sòm 79:9 66:3 Sòm 47:2 66:4 Sòm 22:27 66:6 Egz 14:21 66:6 Jos 3:16 66:7 Sòm 11:4 66:8 Sòm 98:4 66:9 Sòm 30:3 66:10 És 48:10 66:11 Lam 1:13 66:12 És 51:23 66:13 Sòm 22:25 66:14 Sòm 18:6 66:15 Nonb 6:14 66:16 Sòm 71:15-24 66:17 Sòm 31:1 66:18 Job 36:21 66:19 Sòm 18:6