67
Pou direktè koral la; avèk enstriman ak kòd yo. Yon Sòm; Yon Chan
Ke Bondye ka fè nou gras,
beni nou e fè vizaj Li vin klere sou nou——
Ke chemen Ou kapab byen koni sou tè a,
ak sali Ou pami tout nasyon yo.
Kite pèp yo louwe Ou, O Bondye.
Kite tout pèp yo louwe Ou.
Kite nasyon yo fè kè kontan e chante ak jwa,
paske Ou va jije pèp yo avèk ladwati e gide nasyon yo sou tè a.
Tan
Kite pèp yo louwe Ou, O Bondye.
Kite tout pèp yo louwe Ou.
Latè te bay pwodwi li.
Bondye, Bondye pa nou an, ap toujou beni nou.
Bondye ap toujou beni nou.
Dènye pwent latè a va gen lakrent Li.
67:1 Nonb 6:25 67:2 És 52:10 67:3 Sòm 66:4 67:4 Sòm 47:8 67:5 Sòm 67:3 67:6 Lev 26:4 67:7 Sòm 22:27