LIV 3
73
Yon Sòm Asaph
Anverite, Bondye bon a Israël,
a sila avèk kè ki san tach yo!
Men pou mwen, pye m te prèt pou glise tonbe,
Pa m yo te prèt pou chape.
Paske mwen te gen anvi awogan yo,
lè m te wè jan mechan yo te byen reyisi.
Paske nan lanmò yo, nanpwen soufrans e kò yo byen gra.
Yo pa nan pwoblèm tankou lòt moun,
ni yo pa toumante tankou limanite.
Pou sa, yo pote ògèy tankou yon bèl kolye.
Abiman vyolans kouvri kon yon bèl rad.
Zye yo anfle nan mitan grès yo.
Imajinasyon a kè yo dechennen nèt.
Yo giyonnen moun.
Ak mechanste, yo pale afè oprime lòt moun.
Yo pale konsi se anwo sa soti.
Nan bouch yo rive nan syèl la,
pandan lang yo fè gwo pwomnad sou tout latè.
10 Akoz sa a, pèp pa yo retounen kote yo,
e yo kontinye bwè gran sous yo nèt.
11 Yo di: “Kòman Bondye konnen?
Eske gen konesans kote Pi Wo a?”
12 Gade byen, sila yo se mechan yo ye.
Konsi, toujou alèz, yo te agrandi richès yo.
13 Anverite, se an ven mwen te kenbe kè m san tach,
ak lave men m nan inosans.
14 Paske mwen te twouble tout lajounen
e te resevwa chatiman chak maten.
15 Si mwen te di: “Mwen va pale konsa,”
gade byen, mwen ta trayi jenerasyon pitit Ou yo.
16 Lè m te reflechi pou konprann sa, zye m pa t wè klè menm.
17 Men jis lè m te antre nan sanktiyè Bondye a,
mwen te vin konprann jan yo ta fini.
18 Anverite, Ou te mete yo kote ki glise anpil.
Ou te jete yo ba jiskaske yo fini nèt.
19 Men kijan yo va detwi nan yon enstan!
Y ap bale nèt ale avèk gran perèz kap rive sibitman!
20 Tankou yon rèv lè moun leve, O SENYÈ,
lè Ou leve, Ou va meprize pwòp fòm yo.
Ou va rayi rèv de lespri yo.
21 Lè kè m te vin anmè,
e kè m te pike anndan m,
22 alò, mwen te vin ensansib e san bon konprann.
Mwen te tankou yon bèt devan Ou.
23 Sepandan, mwen avè W tout tan.
Ou te kenbe men dwat mwen.
24 Avèk konsèy Ou, Ou va gide mwen,
e apre, resevwa mwen nan laglwa.
25  Se kilès mwen gen nan syèl la sof ke Ou?
Epi anplis ke Ou, mwen pa vle anyen sou latè.
26  Chè mwen avèk kè mwen kab fè fayit,
men Bondye se fòs kè mwen ak pòsyon mwen jis pou tout tan.
27 Paske gade byen, sila ki lwen yo va peri.
Ou te detwi tout sila ki pa t fidèl a Ou menm yo.
28 Men pou mwen, rete pre Bondye se bonte mwen.
Mwen te fè Senyè a, BONDYE a, refij mwen,
Pou m kab pale tout zèv Ou yo.
73:1 Sòm 24:4 73:2 Sòm 94:18 73:3 Job 21:7 73:6 Jen 41:42 73:7 Job 15:27 73:8 Sòm 1:1 73:9 Rev 13:6 73:10 Sòm 23:5 73:12 Jr 49:31 73:13 Job 21:15 73:14 Job 33:9 73:15 Sòm 14:5 73:16 Ekl 8:17 73:17 Sòm 37:38 73:18 Sòm 35:6 73:19 Nonb 16:21 73:20 I Sam 2:30 73:21 Trav 2:37 73:22 Job 18:3 73:23 Sòm 16:8 73:24 Jen 5:24 73:25 Sòm 16:2 73:26 Sòm 38:10 73:27 Sòm 37:20 73:28 Sòm 14:6