74
Yon Sòm Asaph
O Bondye, poukisa Ou te rejte nou pou tout tan?
Poukisa kòlè Ou fè lafimen kont mouton patiraj Ou an?
Sonje asanble Ou a, ke Ou te achte depi tan ansyen yo,
sa yo ke Ou te rachte pou fè tribi eritaj pa Ou:
Mòn Sion sila a, kote Ou te abite.
Vire pa Ou yo pou rive kote mazi ki kraze nèt yo,
kote lènmi a fin fè tout mechanste li anndan sanktiyè a.
Advèsè Ou yo te vin anraje nan mitan kote asanble Ou a.
Yo fin monte pwòp drapo yo kon avètisman an.
Yo aji kòn yon moun k ap
leve rach li nan mitan yon forè bwa.
Epi koulye a, tout travay skilpti li yo,
yo kraze ak rach avèk mato.
Yo fin brile sanktiyè Ou a jis rive atè.
Yo te souye abitasyon ki fèt nan non Ou an.
Yo te pale nan kè yo: “Annou kraze yo nèt.”
Yo te brile tout kote asanble Bondye nan tout peyi a.
Nou paz ankò wè mèvèy yo.
Nanpwen pwofèt ankò.
Ni pa genyen pami nou ki konnen konbyen de tan sa va dire.
10 Konbyen de tan, O Bondye,
advèsè a va moke nou ak mo brile?
Èske se pou tout tan lènmi an va giyonnen non Ou konsa?
11 Poukisa Ou retire men Ou?
Sitou men dwat Ou?
Fè l parèt sòti anndan lestonmak Ou pou detwi yo!
 
12 Men Bondye se Wa mwen depi nan tan ansyen yo.
Li te fè zèv delivrans nan mitan latè.
13 Ou te divize lanmè a ak fòs kouraj Ou.
Ou te kraze tèt gwo bèt lanmè yo.
14 Ou te kraze tèt Levyatan an.
Ou te bay li kon manje pou bèt sovaj.
15 Ou te fè pete sous ki koule dlo fre.
Ou te seche gwo rivyè pwisan yo.
16 Jou yo se pou Ou, anplis, nwit yo se pou Ou.
Ou te prepare limyè a avèk solèy la.
17 Ou te etabli tout lizyè latè yo.
Ou te fè sezon ete ak sezon livè.
 
18 Sonje bagay sa a, O SENYÈ,
ke lènmi yo te meprize Ou,
e yon pèp ki plen ak foli te refize non Ou.
19 Pa livre nanm a toutrèl Ou a bèt sovaj yo.
Pa bliye lavi aflije Ou yo pou tout tan.
20 Konsidere akò Ou, paske
kote fènwa yo nan tout latè a,
plen ak abitasyon vyolans yo.
21 Pa kite oprime yo retounen nan gwo wont.
Kite aflije yo ak malere yo louwe Non Ou.
22 Leve, O Bondye! Plede koz Ou!
Sonje jan lòm plen foli meprize Ou tout lajounen.
23 Pa bliye vwa advèsè Ou yo.
Gwo zen a sila ki leve kont Ou yo monte tout tan, san rete.
 
74:1 Det 29:20 74:2 Egz 15:13 74:3 Sòm 79:1 74:4 Nonb 2:2 74:5 Jr 46:22 74:6 I Wa 6:18-35 74:7 II Wa 25:9 74:8 Sòm 83:4 74:9 I Sam 3:1 74:10 Lev 24:16 74:11 Sòm 59:13 74:12 Sòm 44:4 74:13 Sòm 148:7 74:14 Job 41:1 74:16 Jen 1:14-18 74:17 Det 32:8 74:18 Det 32:6 74:20 Sòm 88:6 74:21 Sòm 103:6 74:22 Sòm 14:1 74:23 Sòm 65:7