76
Pou direktè koral la; sou enstriman ak kòd
Yon Sòm Asaph, yon Chanson
Bondye byen rekonèt nan Juda.
Non Li gran an Israël.
Tabènak Li a nan Salem.
Abitasyon Li an osi nan Sion.
La, Li te kase flèch dife yo,
boukliye ak nepe ak zam lagè yo.
Ou manyifik, pi majeste pase mòn
ak bèt lachas yo.
Sila ak gran kouraj yo te piyaje,
yo te fonse tonbe nan dòmi mò a.
Okenn nan gèrye yo ka sèvi men yo.
Nan repwòch Ou, O Bondye Jacob,
ni chevalye yo ak cheval la te tonbe nan yon pwofon somèy.
Ou menm, Ou merite lakrent.
Se kilès ki kab kanpe nan prezans Ou lè Ou fache?
Ou te fè jijman tande soti nan syèl la.
Latè te krent, e te kanpe rete an plas
lè Bondye te leve nan jijman an,
pou sove tout enb sou latè yo.
Tan
10 Paske kòlè a lòm va bay Ou glwa.
Se retay kòlè pa W, ki sispann fè mal.
11  Fè ve Ou yo a SENYÈ a, Bondye Ou a e akonpli yo.
Kite tout sila ki antoure Li yo
mennen don a Sila ki merite lakrent lan.
12 Li va koupe retire nanm a prens yo.
Wa latè yo gen lakrent Li.
76:1 Sòm 99:3 76:2 Sòm 27:5 76:3 Sòm 46:9 76:5 És 10:12 76:6 Egz 15:1-21 76:7 Esd 9:15 76:8 I Kwo 16:30 76:11 Ekl 5:4-6 76:12 Sòm 47:2