77
Pou direktè koral la: pou Jeduthun. Yon Sòm Asaph
Vwa m leve vè Bondye!
Mwen kriye pou sekou.
Vwa m leve vè Bondye pou L tande mwen.
Nan jou gwo twoub mwen an, mwen te chache SENYÈ a.
Nan nwit, mwen te lonje men m san poze.
Nanm mwen te refize rekonfòte.
Lè mwen sonje Bondye, alò, lespri m twouble.
Mwen fè soupi; lespri m febli nèt.
 
Ou te kenbe zye mwen yo louvri.
Mwen tèlman twouble ke m pa kab pale.
Mwen te reflechi sou jou lansyen yo, ane lontan yo.
Chanson mwen, mwen va sonje pandan lannwit.
Mwen reflechi tout tan nan kè mwen.
Lespri m reflechi jis rive nan fon kè m:
“Èske Senyè a va rejte nou pou tout tan?
Èske Li p ap janm kite favè Li vini sou nou ankò?
Èske lanmou dous Li a kite nou pou tout tan?
Èske pwomès Li yo fini nèt?
Èske Bondye te bliye gras Li,
Oswa nan kòlè Li, èske Li te retire mizerikòd Li a?”
Tan
10 Epi mwen te di: “Se chagren mwen ki fè m panse
men dwat a Wo Pwisan an vin chanje.”
11 Mwen va sonje zèv SENYÈ yo.
Anverite, Mwen va sonje mèvèy Ou yo nan tan ansyen yo.
12 Mwen va reflechi tout tan sou tout zèv Ou yo,
pou m sonje nan kè m tout sa Ou te fè.
13 Chemen Ou a, O Bondye, se apa.
Ki dye ki gran tankou Bondye pa nou an?
14 Ou se Bondye ki fè zèv mèvèy.
Ou te fè pwisans Ou rekonèt pami pèp yo.
15 Avèk pwòp pouvwa Ou, Ou te rachte pèp Ou a,
fis a Jacob yo avèk Joseph.
Tan
16  Dlo yo te wè Ou, O Bondye.
Dlo yo te wè Ou.
Yo te nan gran doulè.
Anplis, fon yo te boulvèse.
17  Nwaj yo te vide gwo dlo.
Syèl yo te bay gwo kout loray.
Flèch Ou yo te lime pa isit e pa lòtbò.
18  Bwi tonnè a eklate nan toubiyon an.
Loray yo te klere tout tè a.
Mond lan te tranble.
Li te souke.
19  Chemen Ou an te nan lanmè a,
e vwa Ou nan dlo pwisan yo.
Kote Ou mache p ap kab dekouvri menm.
20 Ou te dirije pèp Ou a tankou yon bann,
pa men Moïse avèk Aaron.
 
77:1 Sòm 3:4 77:2 Sòm 50:15 77:3 Sòm 61:2 77:4 Sòm 39:9 77:5 Det 32:7 77:6 Sòm 4:4 77:7 Sòm 85:1-5 77:8 II Pi 3:9 77:10 Sòm 44:2-3 77:11 Sòm 105:5 77:12 Sòm 145:5 77:13 Egz 15:11 77:15 Egz 6:6 77:16 Egz 14:21 77:17 Jij 5:4 77:18 Sòm 18:13 77:19 És 51:10 77:20 Egz 6:26