78
Yon Sòm a Asaph
Koute, O pèp mwen an a lenstriksyon mwen.
Panche zòrèy Ou vè pawòl a bouch mwen.
Mwen va ouvri bouch mwen avèk yon parabòl.
Mwen va pale pawòl fonse a tan ansyen yo,
ke nou te tande, konnen e ke
papa zansèt nou yo te fè nou konprann.
Nou p ap kache yo a pitit nou yo,
men nou va pale a jenerasyon k ap vini yo, tout lwanj SENYÈ a,
fòs Li ak gran mèvèy ke Li te konn fè yo.
Paske Li te etabli yon temwayaj
nan Jacob e te chwazi yon lwa an Israël,
sou sila Li te kòmande papa zansèt nou yo
pou yo ta enstwi yo a pitit pa yo.
Ke jenerasyon k ap vini an ta kab konnen.
Menm pou sila ki poko fèt yo,
pou yo ta kab leve e pale yo a pitit yo,
pou yo kab mete konfyans yo
nan Bondye e pa bliye zèv Bondye yo,
men kenbe kòmandman Li yo.
Pou yo pa fè tankou papa zansèt yo,
yon jenerasyon tèt di e rebèl,
yon jenerasyon ki pa t gen kè fidèl,
ki pa t gen lespri fidèl a Bondye.
Fis a Éphraïm yo ki kon tire flèch, te pote banza yo.
Sepandan, nan jou batay la, yo te fè bak.
10 Yo pa t kenbe akò yo ak Bondye
e te refize mache nan lalwa Li.
11 Yo te bliye zèv Li yo avèk mirak ke Li te montre yo.
12 Li te fòje mirak yo devan zansèt yo,
nan peyi Égypte la ak nan chan Tsoan an.
13 Li te divize lanmè a e te fè yo pase ladann.
Li te fè dlo yo kanpe wo tankou yon gwo pil.
14 Apre, Li te dirije yo avèk nwaj
nan lajounen e nan tout nwit lan avèk limyè dife.
15 Li te fann wòch yo nan dezè a
e te bay yo anpil dlo pou bwè tankou nan fon yo.
16 Li te fè parèt sous ki te pete sòti nan wòch la,
e te fè dlo desann tankou larivyè.
17 Sepandan, yo te kontinye peche kont Li,
e fè rebèl kont Pi Wo a nan dezè a.
18 Konsa, nan kè yo, yo te pase Bondye a leprèv
lè yo te mande manje selon dezi yo.
19 Wi, yo te pale kont Bondye.
Yo te di: “Èske Bondye kapab prepare yon tab nan dezè a?
20 Gade byen, Li te frape wòch la pou dlo
kouri sòti e gwo sous yo t ap debòde.
Èske Li kapab bay pen tou?
Èske Li kab founi vyann pou pèp Li a?”
21 Pou sa, SENYÈ a te tande e te ranpli ak kòlè.
Konsa, yon dife te limen kont Jacob,
e chalè te monte tou kont Israël.
22 Paske yo pa t kwè nan Bondye,
e pa t mete konfyans yo nan delivrans Li.
23 Men Li te kòmande nwaj anlè yo, e te louvri pòt syèl yo.
24 Li te fè lamàn vin tonbe tankou lapli sou yo,
pou yo manje e te bay yo manje soti nan syèl la.
25 Lòm te manje manje a zanj yo.
Li te voye manje ba yo an abondans.
26 Li te fè van lès la vante nan syèl yo e avèk pwisans Li,
Li te dirije van sid la.
27 Li te fè tonbe vyann sou yo tankou lapli, tankou pousyè,
menm zwazo ak zèl tankou sab lanmè.
28 Alò, Li te kite yo tonbe nan mitan kan an, toupatou abitasyon yo.
29 Konsa, yo te manje vant plen,
e sa yo te mande, se sa Li te bay yo.
30 Avan, yo te satisfè dezi yo,
pandan manje a te toujou nan bouch yo,
31  kòlè Bondye te leve kont yo e
te touye kèk nan pi vayan pami yo.
Li te frape desann mesye pi chwazi Israël yo.
32 Malgre tout sa, yo te peche toujou,
e pa t kwè nan zèv mèvèy Li yo.
33 Akoz sa, Li te fè jou yo fini mal,
e ane yo nan laperèz sibit.
34 Lè Li te touye yo, nan lè sa a, yo te chache Li.
Yo te retounen chache Li ak dilijans.
35 Konsa, yo te sonje ke Bondye te wòch yo, e Pi Wo a, redanmtè yo.
36 Men yo te twonpe Li ak bouch yo.
Yo te manti a Li ak lang yo.
37 Paske kè yo pa t fèm vè Li menm,
ni yo pa t fidèl selon akò Li.
38 Men Li menm, akoz mizerikòd Li,
te padone inikite yo, e pa t detwi yo.
Wi, souvan Li te ralanti kòlè Li e pa t kite tout kòlè li vin leve.
39 Konsa, Li te sonje ke se sèl chè yo te ye,
yon van pase ki pa retounen ankò.
40 Konbyen fwa yo te fè rebèl kont Li nan dezè a,
e te fè L soufri lapèn la nan savann an!
41 Anpil fwa, yo te pase Bondye a leprèv,
epi te fè Sila Ki Sen A Israël la soufri doulè.
42 Yo pa t sonje pwisans Li,
ni jou ke Li te delivre yo nan men advèsè yo,
43 lè Li te akonpli mirak Li yo an Égypte
ak mèvèy Li yo nan chan Tsoan an.
44 Li te chanje rivyè yo an san.
Konsa, nan sous yo, yo pa t kab bwè.
45 Li te voye pami yo mouch
an gran kantite ki te devore yo,
avèk krapo ki te detwi yo.
46 Li te bay chan rekòlt a chwalbwa a,
ak pwodwi travay yo a krikèt la.
47 Li te detwi chan fwi yo ak lagrèl e bwa sikomò yo ak fredi.
48 Li te bay bèt yo tou a lagrèl e twoupo yo a loray.
49 Li te voye sou yo chalè kòlè Li,
gwo kòlè avèk endiyasyon ak twoub,
ak yon bann zanj ki pou detwi yo.
50 Li te fè yon chemen pou lakòlè Li.
Li pa t epagne nanm yo de lanmò,
men te bay lavi yo a gwo fleyo.
51 Li te frape di tout premye ne an Égypte yo,
premye sòti a fòs kouraj yo nan tant a Cham yo.
52 Men Li te mennen fè sòti pwòp pèp li a tankou mouton.
Li te dirije yo nan dezè a tankou yon twoupo.
53 Li te dirije yo avèk swen pou yo pa pè, men lanmè te vale lènmi yo.
54 Konsa, Li te mennen yo nan peyi sen Li an,
vè peyi ti kolin ke men dwat Li te vin posede a.
55 Anplis, li te chase nasyon yo devan yo,
te pataje pou yo yon eritaj selon mezi li, e
te fè tribi Israël yo abite nan tant yo.
56 Sepandan, yo te tante e fè rebèl kont Bondye Pi Wo a,
e pa t kenbe temwayaj Li yo,
57 men te vire fè bak e te aji nan malveyans tankou papa zansèt yo.
Yo te vire akote tankou yon banza ki tòde.
58 Paske yo te pwovoke Li avèk wo plas yo,
e te fè L jalou avèk imaj taye yo.
59 Lè Bondye te tande, Li te vin ranpli avèk kòlè,
e te vin deteste Israël anpil.
60 Jiskaske Li te abandone abitasyon
Silo, tant ke li te konn monte pami lòm nan,
61 e te bay yo menm ki te fòs Li, an kaptivite,
glwa Li nan men advèsè a.
62 Anplis, Li te livre pèp Li a de nepe e
te vin ranpli avèk kòlè kont eritaj Li a.
63 Dife te devore jennonm Li yo e
vyèj Li yo pa t gen chan maryaj.
64  Prèt Li yo te tonbe pa nepe e
Vèv Li yo pa t kab kriye.
65 Konsa, SENYÈ a te leve tankou se nan dòmi Li te ye,
tankou yon gèrye ki rele fò akoz diven.
66 Li te pouse advèsè Li yo fè bak.
Li te mete sou yo yon repwòch ki pa t ap fini menm.
67 Anplis, Li te rejte tant Jospeh la,
ni pa t chwazi tribi Éphraïm nan.
68 Men Li te chwazi tribi Juda a,
Mòn Sion ke Li te renmen anpil la.
69 Li te bati sanktiyè Li tankou wotè mòn yo,
tankou latè ke Li te etabli jis pou tout tan an.
70 Anplis, Li te chwazi David, sèvitè Li a.
Li te pran l sòti nan Pak mouton yo,
71 sòti nan okipe mouton k ap fè pitit, avèk ti mouton nouris,
Li te mennen li, pou vin bèje Jacob, pèp Li a,
avèk Israël, eritaj Li a.
72 Konsa, Li te fè bèje yo selon entegrite kè l,
e te gide yo avèk men abil li.
78:1 És 51:4 78:2 Sòm 49:4 78:3 Sòm 44:1 78:4 Egz 13:8 78:5 Det 4:9 78:6 Det 11:19 78:7 Det 4:2 78:8 II Wa 17:14 78:9 Jij 20:39 78:10 Jij 2:20 78:11 Sòm 106:13 78:12 Nonb 13:22 78:13 Egz 15:8 78:14 Egz 14:24 78:15 Egz 17:6 78:16 Nonb 20:8 78:17 Det 9:22 78:18 Nonb 11:4 78:19 Egz 16:3 78:20 Nonb 11:18 78:21 Nonb 11:1 78:22 Det 1:32 78:23 Jen 7:11 78:26 Nonb 11:31 78:27 Egz 16:13 78:29 Nonb 11:19-20 78:30 Nonb 11:33 78:31 Nonb 11:33-34 78:33 Nonb 14:29-35 78:34 Nonb 21:7 78:35 Egz 15:13 78:36 Egz 24:7-8 78:37 Sòm 51:10 78:39 Job 7:7-16 78:40 Sòm 95:10 78:41 Nonb 14:22 78:42 Jij 8:34 78:43 Egz 4:21 78:45 Egz 8:6 78:46 Egz 10:14 78:47 Egz 9:23-25 78:48 Egz 9:19 78:49 Egz 15:7 78:50 Egz 12:29-30 78:52 Sòm 77:20 78:53 Egz 14:27-28 78:54 Egz 15:7 78:56 Jij 2:11-13 78:58 Lev 26:30 78:59 Lev 26:30 78:63 Jr 7:34 78:64 I Sam 4:17 78:65 És 42:13 78:66 I Sam 5:6 78:67 Sòm 78:60 78:68 Sòm 87:2 78:69 I Wa 6:1-38 78:71 I Sam 10:1 78:72 I Wa 9:4