80
Pou direktè koral la; pou jwe a “Lis Akò Yo”. Yon Sòm Asaph
O prete zòrèy Ou, Bèje Israël la,
Ou menm ki mennen Joseph tankou yon twoupo,
Ou menm ki chita sou twòn anwo cheriben yo, se pou ou briye.
Devan Éphraïm avèk Benjamin ak Manassé, fè vire tout fòs Ou.
Vin bannou sekou!
O Bondye, restore nou!
Fè vizaj Ou briye sou nou
e nou va sove.
 
O Bondye dèzame yo,
pou konbyen de tan Ou va fache kont lapriyè a pèp Ou a?
Ou te bay yo pen fèt ak dlo ki t ap sòti nan zye yo.
Ou te fè yo bwè dlo a zye yo an gran kantite.
Ou fè nou vin yon objè konfli devan vwazen nou yo.
Lènmi nou yo ri pami yo menm.
O Bondye dèzame yo, restore nou!
Fè vizaj Ou klere sou nou e nou va sove.
 
Ou te rachte yon pye rezen soti an Égypte.
Ou te chase mete nasyon yo deyò pou te plante li la.
Ou te netwaye tè a devan l.
Li te anrasine byen fon e te ranpli peyi a.
10 Mòn yo te kouvri ak lonbraj li.
Branch li yo te kon bwa sèd Bondye yo.
11 Li te voye branch li yo rive jis nan lanmè,
ak boujon li yo jis nan Rivyè a.
12 Poukisa Ou te kraze tout kloti li yo,
pou tout sila ki pase la yo kab rekòlte fwi li yo?
13 Yon gwo mal kochon sovaj sòti nan forè pou manje ladann
e bèt sovaj chan an manje sou li.
14 O Bondye dèzame yo, vire fè bak depi koulye a,
nou sipliye Ou, souple.
Gade soti anwo nan syèl la pou wè,
e okipe pye rezen sila a.
15 Menm boujon ke men dwat Ou te plante a,
e branch ke Ou te bay fòs pou Ou menm nan.
16 Li fin brile ak dife.
Li fin koupe atè nèt.
Yo peri ak repwòch devan Ou.
17 Kite men Ou rete sou nonm nan
ki se moun men dwat Ou a,
sou fis a lòm ke ou te fè pwisan pou Ou menm nan.
18 Konsa, nou p ap vire fè bak kite Ou.
Fè nou leve ankò e nou va rele non Ou.
19 O SENYÈ dezame yo, restore nou.
Fè figi Ou briye sou nou e nou va sove.
80:1 Egz 25:22 80:3 Nonb 6:25 80:4 Sòm 79:5 80:5 Sòm 42:3 80:6 Sòm 44:13 80:8 Jr 11:17 80:9 Os 14:5 80:10 Jen 49:22 80:11 Sòm 72:8 80:12 Sòm 89:40 80:14 Sòm 102:19 80:17 Sòm 89:21