81
Pou direktè koral la; pou jwe sou Gitia la. Yon Sòm Asaph
Chante avèk jwa a Bondye ki se fòs nou!
Rele fò ak jwa a Bondye a Jacob la!
Leve yon chan, bat tanbouren an,
gita ak son ki dous la ansanm avèk ap la.
Sone twonpèt la nan nouvèl lin nan,
sou plèn lin nan, nan jou fèt nou an.
Paske se yon règleman Israël,
yon òdonans a Bondye Jacob la.
Li te etabli li kon yon temwayaj nan Joseph
lè li te ale toupatou nan peyi Égypte la.
Mwen te tande yon lang ke M pa t konnen.
Mwen te retire fado a sou zepòl li.
Men li yo te vin lib panyen an.
Ou te rele nan twoub la e Mwen
te fè ou sekou.
Mwen te reponn Ou nan plas kote tonnè a kache a.
Mwen te fè ou pase eprèv nan dlo Meriba yo.
Tan
 
Tande, O pèp Mwen an e Mwen va korije nou.
O Israël, si ou ta koute Mwen!
Pa kite okenn dye etranje rete pami nou.
Ni nou pa pou adore okenn dye etranje.
10  Mwen menm, SENYÈ a, se Bondye nou an,
ki te mennen nou sòti nan peyi Égypte la.
Ouvri bouch nou byen laj e mwen va ranpli li.
11 Men pèp Mwen an pa t koute vwa M.
Ni Israël pa t obeyi Mwen.
12 Akoz sa, Mwen te lage yo a kè di yo,
pou mache nan pwòp manèv yo.
13 O ke pèp Mwen an ta koute Mwen,
ke Israël ta mache nan vwa Mwen yo!
14 Mwen ta soumèt lènmi yo byen vit
e ta vire men m kont advèsè yo.
15  Sila ki rayi SENYÈ yo ta tresayi devan Li menm
e pinisyon yo ta pou tout tan.
16 Men ou menm, Mwen ta nouri ou avèk pi bon kalite ble a.
Avèk siwo ki sòti nan wòch, Mwen ta satisfè ou.
81:1 Sòm 84:8 81:2 Egz 15:20 81:3 Lev 23:24 81:5 Egz 11:4 81:7 Egz 2:23 81:8 Sòm 95:7 81:10 Egz 20:2 81:11 Det 32:15 81:12 Job 8:4 81:13 Sòm 128:1 81:14 Sòm 18:47 81:15 Wo 1:30 81:16 Det 32:14