82
Yon Sòm Asaph
Bondye vin kanpe nan mitan pwòp asanble Li a.
Li fè jijman nan mitan dye yo.
Pou konbyen de tan nou va jije san jistis,
e montre favè a mechan yo?
 
“Fè defans fèb yo ak òfelen yo.
Fè jistis a aflije ak malere yo.
Sove fèb yo ak malere yo.
Delivre fè yo sòti nan men a mechan yo.”
Yo pa konnen ni yo pa konprann.
Yo mache toupatou nan fènwa.
Tout fondasyon tè yo fin souke nèt.
Mwen te di: “Se dye ke nou ye,
e nou tout se fis a Pi Wo a.
Sepandan, nou va mouri tankou moun,
e tonbe tankou nenpòt nan prens yo.”
Leve, O Bondye, jije tè a!
Paske se Ou ki posede tout nasyon yo.
82:1 Egz 21:6 82:2 Det 1:17 82:4 Job 29:12 82:5 Pwov 2:13 82:6 Sòm 82:1 82:7 Job 21:32 82:8 Sòm 2:8