84
Pou direktè koral la; sou gitia la. Yon Sòm a fis a Koré yo.
A la abitasyon Ou yo bèl, O SENYÈ dèzame yo!
Nanm mwen anvi e menm gen gwo dezi pou lakou SENYÈ a.
Kè m ak chè m chante avèk jwa a Bondye vivan an.
Zwazo a osi te twouve yon kay, e
iwondèl la yon nich pou li menm,
kote li kapab swaye pitit li yo pre lòtel Ou yo,
Oh Wa m ak Bondye m.
A la beni sila ki demere nan lakay Ou yo beni!
Y ap ba Ou lwanj jis pou tout tan.
A la beni nonm ki gen fòs li nan Ou,
Nan kè a sila lide fè wout nan gran chemen vè Sion an ye.
Lè yo pase nan vale Baca a, yo fè l fè yon sous;
Premye lapli a kouvri li avèk benediksyon.
Yo sòti nan fòs pou antre nan fòs yo.
Yo chak parèt devan Bondye nan Sion.
O SENYÈ dèzame yo, tande lapriyè mwen.
Prete zorèy Ou, O Bondye Jacob la!
Tan
Gade byen boukliye nou an.
Gade sou vizaj onksyone Ou a.
10 Paske yon sèl jou nan lakou Ou a,
pi bon pase mil jou deyò.
Pito m te geran pòt lakay Bondye mwen an,
pase pou m ta abite nan tant a mechan yo.
11 Paske SENYÈ a, Bondye a, se yon solèy ak yon boukliye.
SENYÈ a va bay gras avèk glwa.
Li pa refize anyen ki bon a sila ki mache dwat yo.
12 O SENYÈ dèzame yo!
A la moun ki mete konfyans li nan Ou a beni!
84:2 Sòm 42:1-2 84:4 Sòm 65:4 84:5 Sòm 81:1 84:6 Sòm 107:35 84:8 Sòm 81:1 84:9 I Sam 16:6 84:10 Sòm 27:4 84:11 És 60:19-20