85
Pou direktè koral la; Yon Sòm a fis a Koré yo
O SENYÈ, Ou te montre favè Ou a peyi Ou a.
Ou te restore kaptivite a Jacob la.
Ou te padone inikite a pèp Ou a.
Ou te kouvri tout peche yo.
Ou te retire tout gran kòlè Ou.
Ou te detounen kòlè Ou ki brile a.
Restore nou, O Bondye a sali nou an,
e fè endiyasyon Ou anvè nou, sispann.
Èske Ou va fache avèk nou jis pou tout tan?
Èske Ou va pwolonje kòlè Ou jis a tout jenerasyon yo?
Èske se pa Ou menm ki pou fè nou reprann ankò?
Pou pèp Ou a kapab rejwi nan Ou?
Montre nou lanmou dous Ou a, O SENYÈ.
Pèmèt nou resevwa sali Ou a.
Mwen va tande sa ke Bondye, SENYÈ a, va di.
Paske La p pale lapè a pèp Li a, a fidèl Li yo,
men pa kite yo retounen nan foli yo.
Anverite, sekou Li toupre a sila ki gen lakrent Li yo,
pou laglwa Li kapab rete nan peyi nou an.
10 Lanmou dous avèk verite te vin jwenn ansanm.
Ladwati avèk lapè te vin bo youn lòt.
11 Verite vòltije sòti nan latè, e
Ladwati veye depi anwo nan syèl la.
12 Anverite, SENYÈ a va bay sa ki bon,
e peyi nou an va bay rekòlt li.
13 Ladwati va mache devan L.
L ap prepare yon gran chemen pou mak pla pye Li yo.
85:1 Egz 1:11 85:2 Nonb 14:19 85:3 Egz 32:12 85:4 Dan 9:16 85:5 Sòm 74:1 85:6 Sòm 71:20 85:7 Sòm 106:4 85:8 Sòm 29:11 85:10 Sòm 72:3 85:11 És 45:8 85:12 Lev 26:4