LIV 4
90
Yon priyè Moïse; Moun Bondye a.
Senyè, se te kote Ou, lakay nou te ye
pandan tout jenerasyon yo.
Avan mòn yo te vin parèt,
oswa Ou te bay nesans a mond lan avèk tè a,
menm pou tout tan e pou tout tan, Ou se Bondye.
Ou fè lòm retounen nan pousyè a, epi di:
“Retounen, O pitit a lòm yo.”
Paske mil ane devan zye Ou
se tankou ayè lè l fenk pase, oswa tankou yon veye lannwit lan.
Ou bale yo ale pandan y ap dòmi.
Nan maten, yo vin tankou yon chan zèb nèf ki fènk leve.
Vè aswè, chan an febli e fennen nèt ale.
Paske nou fin manje nèt akoz kòlè Ou.
E akoz kòlè Ou, nou boulvèse nèt.
Ou te mete inikite nou yo devan Ou.
Peche ki kache yo vin parèt nan limyè prezans Ou.
Paske tout jou nou yo pase nan gran kòlè Ou.
Ane nou yo ap fini kon souf.
10 Pou jou lavi nou yo, yo gen swasann-dizan,
oswa akoz gwo fòs, katre-ventan.
Men ògèy a jou sa yo se sèlman kòve ak tristès.
Paske byen vit li prale, e nou vole ale.
11 Se kilès ki konprann fòs a kòlè Ou a?
Avèk gwo kòlè Ou, selon krent ke Ou merite a?
12 Pou sa, montre nou jan pou konte jou nou yo,
pou nou kab ofri Ou yon kè ki plen sajès.
13 Lache, O SENYÈ!
Konbyen tan sa va ye?
Pran sa akè pou kòz sèvitè ou yo!
14 O fè nou satisfè nan maten avèk lanmou dous Ou a,
pou nou kab chante ak jwa e fè kè kontan pandan tout jou nou yo.
15 Fè nou rejwi pou menm kantite jou ke Ou te aflije nou yo,
tout ane ke nou te wè mal yo.
16 Kite zèv Ou yo vin parèt a sèvitè Ou yo,
akmajeste Ou a pitit yo.
17 Kite favè SENYÈ a, Bondye nou an, vini sou nou,
epi konfime pou nou menm, zèv men nou yo.
Wi, konfime zèv men nou yo.
90:2 Sòm 93:2 90:5 Job 22:16 90:7 Sòm 39:11 90:8 Sòm 50:21 90:9 Sòm 78:33 90:10 Job 20:8 90:11 Sòm 76:7 90:12 Pwov 2:1-6 90:15 Det 2:14-16 90:16 I Wa 8:11 90:17 Sòm 37:23