91
Sila ki rete nan abri Pi Wo a va poze nan lonbraj Toupwisan an.
Mwen va di a SENYÈ a:
“Se Li ki sitadèl mwen an, ak Bondye mwen an.
Se nan Li mwen mete konfyans!”
Paske se Li menm ki delivre ou soti nan pèlen a chasè a,
ak ravaj gwo maladi yo.
Li va kouvri ou ak plim Li yo.
Anba zèl Li, ou kapab chache pwotèj.
Fidelite Li se yon boukliye ak yon ranpa.
Ou p ap pè laperèz lannwit, ni flèch k ap vole lajounen,
ni gwo maladi ki swiv nan fènwa,
ni destriksyon ki devaste a midi.
Yon milye kapab tonbe bò kote dwat ou,
ak di mil sou men agoch ou,
men sa p ap pwoche ou.
Ou va sèlman gade avèk zye ou pou
wè rekonpans a mechan yo.
Paske ou te fè SENYÈ a, vin sekou ou,
menm Pi Wo a, kote pou ou rete.
10  Nanpwen mal k ap rive ou,
Ni okenn toumant k ap pwoche tant ou.
11 Paske Li va bay zanj Li yo lòd konsènan ou menm,
pou veye ou nan tout chemen ou yo.
12 Yo va leve ou byen wo nan men yo,
pou ou pa frape pye ou kont wòch.
13 Ou va pile sou lyon an ak koulèv la.
Jenn lyon an avèk sèpan an, ou va foule yo nèt.
14 Paske li te renmen M konsa,
pou sa, Mwen va delivre li.
Mwen va mete li byen solid an wo,
akoz li te rekonèt non Mwen.
15 Li va fè apèl non Mwen e Mwen va reponn li.
Mwen va avèk Li nan tan twoub la.
Mwen va delivre li e bay li lonè.
16 Mwen va satisfè li avèk yon lavi ki long,
e kite li wè sali mwen.
91:1 Sòm 17:8 91:2 Sòm 25:2 91:3 I Wa 8:37 91:4 És 51:16 91:5 Sòm 64:4 91:7 Jen 7:23 91:8 Sòm 37:34 91:9 Sòm 91:2 91:10 Pwov 12:21 91:11 Sòm 34:7 91:12 Mat 4:6 91:13 Jij 14:6 91:14 Sòm 59:1 91:15 Job 12:4