92
Yon Sòm. Yon chan pou jou Saba a
Li bon pou bay lwanj a SENYÈ a,
pou chante lwanj a non Ou, O Pi Wo a,
pou deklare lanmou dous Ou nan maten
avèk fidelite Ou nan lannwit,
avèk lenstriman a kòd e avèk ap,
avèk mizik ki retanti sou lir.
Paske Ou menm, O SENYÈ, te fè m kontan avèk sa Ou te fè a.
Mwen va chante chan viktwa a akoz zèv men Ou yo.
A la zèv Ou yo gran, O SENYÈ!
Panse Ou yo byen pwofon.
Yon nonm ensanse pa gen konesans,
ni yon nonm bèt pa konprann sa:
Ke lè mechan yo te pouse tankou zèb la,
e tout sa ki fè inikite t ap byen reyisi yo,
se te pou yo ta kapab detwi jis pou tout tan.
Men Ou menm O SENYÈ, Ou an wo jis pou tout tan.
Paske gade byen, lènmi Ou yo, O SENYÈ,
paske gade byen, lènmi Ou yo va peri.
Tout moun ki fè inikite yo va gaye nèt.
10 Men Ou te fè kòn mwen an leve wo tankou bèf mawon.
Mwen te onksyone avèk lwil nèf.
11 Epi zye mwen vin gade avèk kè kontan
malfektè ki leve kont mwen yo.
12 Moun dwat la va fleri tankou palmis.
Li va grandi tankou pye sèd nan Liban.
13 Plante lakay SENYÈ a, yo va fleri tankou palmis.
Yo va fleri nan lakou kay Bondye nou an.
14 Yo va bay fwi toujou lè yo vin vye.
Yo va plen ak dlo bwa vèt.
Y ap rete vèt nèt.
15 Konsa, yo deklare ke SENYÈ a toujou dwat.
Li se wòch mwen,
e nanpwen anyen ki pa dwat nan Li.
92:2 Sòm 89:1 92:3 I Sam 10:5 92:4 Sòm 8:6 92:6 Sòm 49:10 92:7 Sòm 37:38 92:8 Sòm 83:18 92:9 Sòm 37:20 92:11 Sòm 54:7 92:14 Pwov 11:30 92:15 Wo 9:14