94
O SENYÈ, Bondye a vanjans lan,
Bondye a vanjans lan, kite limyè vin parèt!
Vin leve, O Jij sou tè a.
Bay rekonpans a moun ògeye yo.
Pou konbyen de tan mechan yo, O SENYÈ,
pou konbyen de tan mechan yo va leve tèt yo wo?
Yo vide pawòl yo, yo pale avèk ògèy.
Tout moun ki fè mechanste yo vante tèt yo.
Yo kraze pèp Ou a, O SENYÈ.
Yo aflije eritaj Ou a.
Yo touye vèv yo avèk etranje a.
Yo asasine òfelen yo.
Yo fin di: “SENYÈ a pa wè, ni Bondye
Jacob la p ap okipe sa a.”
Veye sa a, nou menm ki ensansib pami pèp la;
Kilè n ap konprann, nou menm ki bèt?
Sila ki plante zòrèy la, èske Li pa tande?
Sila ke te fòme zye a, èske Li pa wè.
10 Sila ki fè chatiman nasyon yo,
èske Li p ap fè repwòch?
Sila ki enstwi lòm; Li konnen!
11 SENYÈ a konnen panse a lòm,
ke se sèlman yon souf ke yo ye.
12 Beni se nonm ke Ou bay chatiman an,
O SENYÈ,
ke Ou enstwi nan lalwa Ou a,
13 pou Ou kapab bay li sekou nan jou advèsite yo,
jiskaske yon fòs fin fouye pou mechan yo.
14 Paske SENYÈ a p ap abandone pèp Li a,
ni Li p ap lage pèp eritaj Li a.
15 Paske jijman an va devni dwat ankò e
tout pèp ladwati yo va swiv li.
16 Se kilès ki va kanpe pou mwen kont malfektè yo?
Se kilès ki va pran pozisyon li pou mwen kont sila ki fè mechanste yo?
17 Si SENYÈ a pa t sekou mwen,
nanm mwen ta fin abite nan andwa silans lan.
18 Si mwen ta di: “Pye m glise,”
Lanmou dous Ou a, O SENYÈ, va kenbe m.
19 Lè panse twoub mwen yo vin ogmante anndan m,
konsolasyon Ou yo fè kè m kontan.
20 Èske yon twòn mechan kapab fè amitye avèk Ou?
Yon moun ki imajine fè mal pa dekrè?
21 Yo vin reyini ansanm kont lavi moun dwat yo,
e kondane inosan yo a lanmò.
22 Men SENYÈ a se toujou sitadèl mwen e
Bondye mwen an, wòch ki pwoteje mwen an.
23 Li te fè mechanste pa yo retounen sou yo, e
va koupe retire yo nèt nan mechanste pa yo.
SENYÈ nou an va koupe retire yo.
94:1 Det 32:35 94:2 Jen 18:25 94:3 Job 20:5 94:4 Sòm 10:3 94:5 És 3:15 94:6 És 10:2 94:7 Job 22:13 94:8 Sòm 92:6 94:9 Egz 4:11 94:10 Job 35:11 94:11 Job 11:11 94:12 Sòm 119:171 94:13 Sòm 49:5 94:14 Sòm 37:28 94:15 Sòm 97:2 94:16 Nonb 10:35 94:17 Sòm 124:1-2 94:18 Sòm 38:16 94:19 És 57:18 94:20 Am 6:3 94:21 Egz 23:7 94:22 Sòm 18:2 94:23 Sòm 7:16