95
O vini, annou chante a SENYÈ a!
Annou rele fò avèk jwa a wòch ki sove nou an;
Annou vini devan prezans Li avèk remèsiman,
Annou rele fò a Li menm avèk sòm.
Paske SENYÈ a se yon gran Bondye, e
yon gran wa pi wo ke tout dye yo.
Nan men Sila pwofondè latè yo ye a.
Pwent mòn yo osi se pou Li.
Lanmè a se pou Li, paske se te Li menm ki te fè l.
Ak men L, Li te fòme tè sèch la.
Vini, annou fè adorasyon, e annou pwostène.
Annou mete ajenou devan SENYÈ ki te fè nou an.
Paske se Li menm ki Bondye nou an.
Nou se moun patiraj Li ak mouton men Li yo.
Jodi a, si nou ta vle tande vwa L,
pa fè kè nou vin di tankou nan Meriba,
tankou nan jou a Massa nan dezè yo,
“lè papa zansèt nou yo te pase M a leprèv.
Yo te tante Mwen, malgre yo te deja wè zèv Mwen yo.
10 Pandan karantan, Mwen te rayi jenerasyon sila a e te di:
“Yo se yon pèp ki egare nan kè yo.
Yo pa rekonèt chemen Mwen yo.”
11 Akoz sa, Mwen te sèmante nan kòlè Mwen,
“Anverite, yo p ap antre nan repo Mwen an.”
95:3 Sòm 48:1 95:4 Sòm 135:6 95:5 Jen 1:9-10 95:6 Sòm 100:3 95:7 Eb 3:7-11-15 95:8 Egz 17:2-7 95:9 Nonb 14:22 95:10 Trav 7:36 95:11 Det 12:9