18
Alò, li te vin rive ke lè li te fin pale avèk Saül, ke nanm Jonathan te vin atache a nanm David, e Jonathan te renmen li tankou pwòp tèt li. Saül te pran li nèt nan jou sa a e pa t kite li retounen lakay papa l. Epi Jonathan te fè yon akò avèk David akoz li te renmen li tankou pwòp tèt li. Jonathan te retire manto ki te sou li a e te bay David li, ansanm avèk pwotèj li, menm ak nepe li, banza li, avèk sentiwon li.
Konsa, David te ale nan nenpòt kote Saül te voye li a, e te byen reyisi. Epi Saül te mete li chèf sou tout mesye lagè yo. Li te fè kè kontan nan zye a tout pèp la, e anplis, nan zye a sèvitè Saül yo.
Li te vin rive ke pandan yo t ap vini, lè David te retounen soti touye Filisten an, ke fanm yo te sòti nan tout vil an Israël yo. Yo t ap chante ak danse pou rankontre Wa Saül, avèk tanbouren, kè kontan ak enstriman mizik. Fanm yo te chante pandan yo t ap jwe. Yo t ap di:
“Saül te touye dè milye pa li menm
e David dè di-milye pa li menm.”
Alò, Saül te vin byen fache, paske pawòl sa a te fè l pa kontan. Li te di: “Yo te bay David dè di-milye; men a mwen menm, yo te bay dè milye. Alò kisa anplis li kapab genyen, sof ke wayòm nan?” Depi nan jou sa a, Saül te veye David de prè. 10 Nan jou aprè a, yon move lespri ki sòti nan Bondye te vini sou Saül avèk pwisans. Li te fè pwofesi nan mitan kay la. David, kòm abitid li jou an jou, t ap jwe ap la avèk men li. Saul te gen yon lans nan men l. 11  Li te voye lans lan, paske li t ap di: “Mwen va kloure David sou mi an.” David te chape nan prezans li menm de fwa. 12 Alò Saül te pè David, paske SENYÈ a te avèk li; men Li te fin kite Saül. 13 Pou sa Saül te retire David devan prezans li. Li te apwente li kòm kòmandan a yon mil lòm. Konsa li te sòti e antre devan pèp la.
14 David t ap reyisi nan tout chemen li yo, paske SENYÈ a te avèk li. 15 Lè Saül te wè ke li te byen reyisi konsa, li te vin gen gwo perèz li. 16 Men tout Israël avèk Juda te renmen li nèt e li te sòti e antre devan yo. 17 Alò, Saül te di a David: “Men pi gran fi mwen an, Mérab. Mwen va ba ou li kòm madanm. Sèlman, rete vanyan pou mwen e mennen batay pou SENYÈ a.” Paske Saül t ap di a tèt li: “Mwen p ap kapab leve men kont li, men kite men Filisten yo vin kont li.”
18 Men David te di a Saül: “Kilès mwen ye e kisa lavi mwen ye, oswa fanmi a papa m an Israël ye, pou mwen ta devni bofis a wa a?”
19 Konsa, li te vin rive ke nan moman a Mérab, fi a Saül la te dwe bay a David la, li te vin bay a Adriel, Meolayit la, kòm madanm.
20 Alò, Mical, pitit a Saül la, te renmen David. Lè yo te pale sa a Saül, bagay la te agreyab a li menm. 21 Saül te di a li menm: “Mwen va ba li fi a pou li kab devni yon pyèj pou li e pou men Filisten yo kapab vin kont li.” Pou sa, Saül te pale David, “Pou yon dezyèm fwa, ou gen dwa devni bofis mwen jodi a.”
22 Alò, Saül te kòmande sèvitè li yo: “Pale avèk David an sekrè e di: ‘Gade byen, wa a trè kontan avèk ou e tout sèvitè li yo renmen ou anpil. Alò, pou sa a, vin bofis a wa a.’ ”
23 Konsa, sèvitè a Saül yo te pale pawòl sa yo a David. Men David te di: “Èske sa se yon ti bagay pou vin bofis a wa a, akoz mwen menm se yon nonm pòv e san pwa?”
24 Sèvitè a Saül yo te bay rapò a a li menm selon pawòl ke David te pale yo.
25 Alò, Saül te di: “Konsa ou va pale David: ‘Wa a pa bezwen okenn kòb kòm dwa maryaj, sof ke yon santèn prepuce yo ki sòti nan Filisten yo, pou egzekite vanjans sou lènmi a wa yo.’ ” Alò, Saül te fè plan pou fè David tonbe pa men a Filisten yo. 26 Lè sèvitè li yo te pale David pawòl sa yo, sa te fè David kontan pou vini bofis a wa a. Avan jou yo te fini, 27 David ak mesye pa li yo te ale. Yo te frape fè desann de-san lòm pami Filisten yo. Alò, David te mennen prepuce pa yo e yo te bay yo an tout a wa a, pou li ta kapab vin bofis a wa a. Konsa Saül te ba li Mical kòm madanm li. 28 Lè Saül te wè e te konnen ke SENYÈ a te avèk David, e ke Mical, fi a Saül la, te renmen li, 29 li te pè David menm plis. Konsa Saül te lènmi a David ale nèt.
30 Epi kòmandan Filisten yo te sòti pou fè batay. Konsa, li vin rive chak fwa yo sòti, ke David te aji avèk plis sajès ke tout sèvitè a Saül yo. Akoz sa, non li te vin respekte anpil.
18:2 I Sam 17:15 18:3 I Sam 20:8-17 18:4 I Sam 17:38 18:6 Sòm 68:25 18:7 Egz 15:21 18:7 II Sam 18:3 18:8 I Sam 15:28 18:10 I Sam 16:14 18:11 I Sam 19:10 18:12 I Sam 16:14 18:13 I Sam 18:16 18:14 Jen 39:2-23 18:16 I Sam 18:5 18:17 I Sam 17:25 18:18 I Sam 9:21 18:19 II Sam 21:8 18:20 I Sam 18:28 18:21 I Sam 18:26 18:23 Jen 29:20 18:25 I Sam 14:24 18:25 I Sam 18:17 18:26 I Sam 18:21 18:27 II Sam 3:14 18:30 I Sam 18:5