19
Alò, Saül te pale Jonathan, fis li a ak tout sèvitè li yo pou mete David a lanmò. Men Jonathan fis a Saül la te fè kè kontan anpil akoz David. Pou sa, Jonathan te pale David. Li te di: “Papa m vle mete ou a lanmò. Pou sa, souple, veye anpil nan maten an. Ale nan kote kache a, e rete la. Mwen va sòti e kanpe akote papa m nan chan kote ou ye a. Mwen va pale avèk papa m selon ou menm. Epi si mwen vin konprann yon bagay, alò, mwen va di ou.”
Konsa, Jonathan te pale ak Saül, papa li, kèk bon pawòl sou David. Li te di li: “Pa kite wa a peche kont sèvitè li, David. Paske li menm pa t peche kont ou; akoz zèv pa li yo, li te ede ou anpil. Paske li te pran vi li nan men l. Li te frape Filisten an, e SENYÈ a te fè rive yon gran delivrans pou tout Israël. Ou te wè e ou te rejwi. Konsa, poukisa ou ta peche kont san inosan an nan mete David a lanmò san koz?”
Saül te koute vwa a Jonathan, e Saül te fè ve: “Jan SENYÈ a viv la, li p ap mete a lanmò.”
Alò, Jonathan te rele David e li te di li tout pawòl sila yo. Epi Jonathan te mennen David vè Saül, e li te vin nan prezans li kòm oparavan.
Lè te gen lagè ankò, David te sòti pou te goumen avèk Filisten yo, e te bat yo avèk yon gwo masak, jiskaske yo te sove ale devan li.
Alò, te genyen yon move lespri ki sòti nan SENYÈ a sou Saül pandan li te chita lakay li avèk yon frenn nan men li, pandan David t ap jwe ap la avèk men li. 10  Saül te tante frennen David pou kloure li nan mi an avèk frenn nan, men li te chape kite prezans a Saül. Konsa, frenn nan te kloure nan mi lan. David te sove ale e te pran flit menm nwit sa. 11  Saül te voye mesaje yo lakay David pou yo ta veye li, avèk entansyon pou mete l a lanmò nan maten an. Men Mical, madanm a David la te avèti li. Li te di: “Si ou pa sove lavi ou aswè a, demen ou va mete a lanmò.” 12 Konsa, Mical te fè David lagedesann nan yon fenèt. Li te sòti deyò e te chape ale. 13 Mical te pran zidòl kay la e li te poze li sou kabann nan. Li te mete yon kouvèti fèt avèk plim kabrit kote tèt li e te kouvri li avèk rad. 14 Lè Saül te voye mesaje yo pran David, li te di: “Li malad.”
15 Alò, Saül te voye mesaje yo wè David, e li te di: “Mennen li monte kote mwen sou kabann li, pou m kab mete l a lanmò.” 16 Lè mesaje yo te antre, gade byen, zidòl kay la te sou kabann nan avèk kouvèti plim kabrit la sou tèt li.
17 Konsa, Saül te di a Mical: “Poukisa ou te twonpe m konsa e kite lènmi mwen an ale jiskaske li vin chape?”
Mical te reponn Saül: “Li te di mwen, ‘Kite mwen ale! Poukisa mwen ta bezwen mete ou a lanmò?’ ”
18 Alò David te sove ale e te chape rive vè Samuel nan Rama. Epi li te di li tout sa ke Saül te fè l. Li menm avèk Samuel te ale rete Najoth. 19 Koze sa a te rive kote Saül ke: “Gade byen, David nan Najoth nan Rama.”
20 Epi Saül te voye mesaje yo pran David. Men lè yo te wè konpayi pwofèt yo ki t ap pwofetize ansanm avèk Samuel, ki te kanpe kòm dirijans sou yo, Lespri Bondye te vini sou mesaje Saül la, epi yo tou te pwofetize. 21 Lè sa te pale a Saül, li te voye lòt mesaje. Epi yo menm tou te vin pwofetize. Alò, Saül te voye mesaje yon twazyèm fwa, e yo anplis te pwofetize.
22 Epi li menm tou te ale Rama pou kont li e te rive jis nan gran pwi ki nan Secu a. Li te pale e te di: “Kote Samuel avèk David?” Epi yon moun te di:
“Veye byen, yo nan Najoth nan Rama.”
23 Li te kontinye jis rive nan Najoth nan Rama. Konsa, Lespri Bondye te vini sou li tou jiskaske li t ap pwofetize pandan nan wout la pou rive kote Najoth nan Rama a. 24 Anplis, li te retire rad li, li tou te pwofetize devan Samuel e li te kouche toutouni tout jounen an ak tout nwit lan. Pou sa, yo konn di: “Èske Saül, osi, pami pwofèt yo?”
19:1 I Sam 18:1-3 19:3 I Sam 20:9-13 19:4 I Sam 20:32 19:5 I Sam 11:13 19:7 I Sam 16:21 19:9 I Sam 16:14 19:10 I Sam 18:11 19:11 Jij 16:2 19:12 Trav 9:25 19:14 Jos 2:5 19:17 II Sam 2:22 19:18 I Sam 7:17 19:20 Nonb 11:25 19:23 I Sam 10:10 19:24 I Sam 10:10-12